Anbasad Amerikèn ap òganize yon vant ozanchè sou entènèt soti 10 pou rive 16 avril, 2023. Nan atik kap gen pou vann yo w ap jwenn 28 machin ak divès kalite kawotchou machin.
Vant lan ap kòmanse lendi 10 avril a 7:00 nan maten e lap kanpe dimanch 16 avril a 3:00 nan apremidi. Tout machin yo ap vann “jan yo ye a” epi moun ki genyen yo an dwe vin pran yo nan depo Reyes lan. Tout vant yo final – kidonk pap ka gen retou, ni echanj.
Moun ki genyen yo ap resevwa yon imel ak yon apèl nan telefòn epi ap peye pou acha yo fè yo nan Biwo responsab pèman nan Anbasad la. Moun ki genyen yon anchè ap resevwa plis enstriksyon sou kijan pou peye epi pran posesyon atik yo.Pèman ak priz posesyon dokiman machin yo ap fèt soti nan dat 19 Avril pou rive 3 Me soti 9è AM pou rive 2zè PM. Yo pap remèt machin yo toutotan achtè yo pa konplete tout etap ki nesesè pou transfere tit propriyete machin yo sou non pwòp yo. Yo dwe rekipere tout machin yo nan espas pakin Reyes la ki tout anfas antre Konsila anbasad la.
Suiv etap sa yo pou kapab gen aksè a vant lan sou entènèt epi soumèt pwopozisyon w yo.
- Lyen pou gen aksè a vant lan sou entènèt, https://online-auction.state.gov
- Klike sou “Register” pou kapab enskri
- Mete enfòmasyon yo mande yo
- Verifye imel ou pou konfimasyon
- Kounya ou kapab pwopoze kòb ou vle peye pou lo yo. Ouvri yon sesyon epi klike sou Pòtoprens, Ayiti
- Klike “subscribe” pou fè yon pwopozisyon