Anbasad Amerikèn ap òganize yon vant ozanchè sou entènèt soti 26 pou rive 30 jen 2023. Nan atik kap gen pou vann yo wap jwenn chanm salon sal a manje biro epi pyès machin.
Vant lan ap kòmanse lendi 26 jen a 7:00 nan maten e lap kanpe vandredi 30 jen a 3:00 nan apremidi. Tout atik yo ap vann “jan yo ye a” epi moun ki genyen yo an dwe vin pran yo nan depo Reyes lan. Tout vant yo final – kidonk pap ka gen retou pa gen chanje.
Moun ki genyen yo ap resevwa yon imel ak yon apèl nan telefòn epi ap peye pou atik yo nan deviz lokal lan, goud. W ap kapab peye kach oubyen ak yon chèk direksyon sou non “U.S. Embassy, PAP, Haiti” nan kès Anbasad lan.
Wap kapab peye epi vin chèche atik yo soti 6 pou rive 20 jiyè depi 9:00 nan maten pou 2:00 nan apremidi. Wap ka rekipere atik yo nan depo Reyes ki trouvel anfas konsila.
Suiv etap sa yo pou kapab gen aksè a vant lan sou entènèt epi soumèt pwopozisyon w yo.
- Lyen pou gen aksè a vant lan sou entènèt, https://online-auction.state.gov
- Klike sou “Register” pou kapab enskri
- Mete enfòmasyon yo mande yo
- Verifye imel ou pou konfimasyon
- Kounya ou kapab pwopoze kòb ou vle peye pou lo yo. Ouvri yon sesyon epi klike sou Pòtoprens, Ayiti
- Klike “subscribe” pou fè yon pwopozisyon