À partir de ce lundi 13 jusqu’au 17 mars, l’Assistant Secrétaire d’État Adjoint Principal Ad Intérim Kenneth Merten se rendra en République Dominicaine et en Haïti. L’objectif de la visite du diplomate américain est de renforcer le support du gouvernement des États-Unis pour des partenariats solides dans l’hémisphère et des économies régionales stables.
En République Dominicaine, l’Assistant Secrétaire d’État Adjoint Principal Ad Intérim Merten rencontrera des hauts fonctionnaires du gouvernement et des groupes de la société civile pour discuter de l’état d’avancement de sujets d’intérêt mutuel, y compris le commerce bilatéral, la coopération dans le domaine du renforcement de la loi, et du développement et de la coopération transfrontaliers entre la République Dominicaine et Haïti. En Haïti, il rencontrera également des hauts fonctionnaires du gouvernement, des partenaires bailleurs de fonds internationaux et des acteurs du secteur privé travaillant pour l’avancement du développement démocratique et économique du pays.
____________________
Yon reprezantan Depatman Deta peyi Etazini ap vizite Repiblik Dominikèn ak Ayiti
Apati jodi lendi 13 pou rive 17 mas, Asistan Sekretè Deta Adjwen Prensipal Ad Enterim Kenneth Merten ap vizite Repiblik Dominikèn ak Ayiti. Objektif vizit diplomat ameriken an se ranfòse sipò gouvènman peyi Etazini pou patenarya solid nan Emisfè-a ak ekonomi estab nan rejyon an.
Nan Repiblik Dominikèn, Asistan Sekretè Deta Adjwen Prensipal Ad enterim Merten ap rankontre ofisyèl gouvènman-an ak gwoup sosyete sivil yo pou diskite sou pwogrè kap fèt nan kesyon ki konsène enterè de peyi yo, tankou komès ant de (2) peyi yo, kowoperasyon nan domèn pou fè respekte lalwa, ak devlopman ak koperasyon sou zafe fwontyè ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti. Nan peyi Dayiti, li ap rankontre avèk ofisyèl gouvènman-an tou, patnè donatè entènasyonal yo, ak aktè nan sektè prive-a kap travay pou sipòte progrè demokratik ak ekonomik peyi-a.