Deklarasyon Anbasad amerikèn konsènan fèmti biwo USCIS nan peyi Dayiti

Nan mwa Mas ki sot pase-a, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon amerikèn (USCIS), yon ajans ki nan Depatman Sekirite Enteryè, te anonse entansyon li pou fèmen anpil nan biwo li yo ki aletranje, sa ki pral fè yon total 13 biwo yap fèmen atravè lemond.

USCIS an Ayiti ap fèmen pòt li nèt pou piblik la nan dat 29 novanm kap vini-an. Sepandan, Konsila-a ki nan Anbasad amerikèn nan Pòtoprens pral pran responsablite kèk sèvis endividyèl ke USCIS ap bay kounye-a moun ki rezide nan peyi Dayiti.

Konsila-a nan Anbasad la, ki gen pou responsablite prensipal pou sèvi sitwayen ameriken yo ak trete viza touris ak rezidans, ap rete louvri pou tout sèvis konsilè yo.

USCIS ap travay nan tèt kole ak Depatman Deta pou tranzisyon responsablite yo ka pase san pwoblèm, yon fason pou diminye enteripsyon nan sèvis yo bay yo.

 Pou enfòmasyon sou aktivite USCIS yo, tanpri vizite sit entènèt sila-a : uscis.gov.