L’ambassade des États-Unis en Haïti exprime ses sincères condoléances à la famille, aux amis et à la communauté de George Floyd. Etant donné que notre pays a été fondé sur les principes de l’Etat de droit, le Département de la Justice des États-Unis a annoncé une investigation criminelle complète sur les circonstances entourant la mort de M. Floyd. Comme l’a dit le Secrétaire Pompeo au sujet de la mort de George Floyd : “C’est une tragédie. Le comportement des officiers de police présents est odieux.” Nous nous joignons à tous les appels de partout dans le monde pour condamner cet acte.
L’ambassade des États-Unis en Haïti est profondément consciente de la douleur et du traumatisme qui pèsent lourdement sur la Mission américaine, sur notre nation et sur nos amis et partenaires haïtiens. Nous demeurons déterminés à combattre le racisme et à célébrer la diversité comme une force tout en continuant à promouvoir les valeurs que sont la liberté, l’égalité et la justice pour tous.
Deklarasyon Anbasad Ameriken sou asasinay George Floyd
Anbasad Etazini ann Ayiti ap eksprime kondoleyans li ak tout kè l bay fanmi George Floyd, zanmi li ak kominote li. Etandone peyi nou an te fonde sou prensip Eta de dwa, Depatman Lajistis Etazini anonse yon envestigasyon kriminèl konplè sou sikonstans ki te fè mesye Floyd pèdi lavi li. Jan Sekretè Pompeo te di sa konsènan lanmò George Floyd : “Se yon trajedi. Ofisye polis ki te la yo aji yon fason ki lèd anpil.” Nou mete vwa nou ansanm ak vwa lòt moun toupatou sou tè a pou nou kondane zak sa a.
Anbasad Etazini ann Ayiti byen konsyan de doulè ki anvayi Misyon Etazini an, nasyon nou an, ansanm ak zanmi ak patenè ayisyen nou yo. Nou byen konsyan tou de fason sa twomatize yo. N ap kenbe detèminasyon nou pou nou goumen kont rasis e pou nou selebre divèsite antanke yon fòs, tout pandan n ap kontinye kore prensip tankou libète, egalite ak jistis pou tout moun.