Les États-Unis continuent d’inviter tous les acteurs politiques, économiques et de la société civile d’Haïti à entamer sans tarder ou sans conditions préalables un dialogue inclusif en vue de déterminer la voie à suivre pour constituer un gouvernement opérationnel qui servira le peuple haïtien et répondra aux préoccupations économiques et sociales pressantes du pays.
Les dirigeants haïtiens doivent travailler ensemble pour trouver une solution pacifique et démocratique, avec un sens accru de l’urgence. Le peuple haïtien souffre; nous sommes aux côtés des Haïtiens qui attachent de l’importance à la paix tout en appelant avec courage à la responsabilité.
Les États-Unis déplorent le blocage actuel en Haïti, qui contribue directement à la violence, à une montée en flèche des besoins humanitaires et à l’interruption de la vie quotidienne du peuple haïtien.
Peyi Etazini Ankouraje Dialòg ant Aktè Politik yo
Peyi Etazini kontinye ankouraje tout aktè politik, ekonomik ak sosyete sivil peyi Dayiti pou yo lanse prese prese yon dyalòg san kondisyon ki reyini tout moun pou detèmine yon mwayen pou rive sou fòmasyon yon gouvènman fonksyonèl ki pral sèvi pèp ayisyen-an epi ki pral rezoud pwoblèm ekonomik ak sosyal ki ijan yo.
Lidè peyi Dayiti bezwen travay ansanm pou jwenn yon solisyon pasifik ak demokratik nan moman sa-a, epi montre ke yo konprann ijans ki genyen. Pèp ayisyen-an ap soufri; nou kanbe bò kote Ayisyen sila yo kap ankouraje lapè pandan yo pran kouraj pou mande pou moun rann kont.
Peyi Etazini deplore sitiyasyon blokaj peyi Dayiti ap travèse aktyèlman, yon sitiyasyon ki lakòz vyolans, ogmantayon bezwen imanitè yo, epi ki anpeche aktivite kotidyen pèp ayisyen-an.