Vant ozanchè Anbasad Amerikèn sou entènèt

Anbasad Amerikèn ap òganize premye vant ozanchè sou entènèt li soti 20 pou rive 25 septanm 2021. Vant lan ap fèt pou anplwaye Anbasad lan ak piblik lan an jeneral.

Anbasad lan ap vann byen mèb li genyen anplis yo nan yon vant elektronik sou entènèt lan. Genyen atik pou vann tankou kanape, chèz, matla, je salamanje, fou, frijidè, machin pou lave, machin pou seche, ak machin ak motè. Chak vant ap aktive pou yon peryòd espesifik, nap endike klèman dat lap komanse ak dat lap fini. Enfòmasyon sa yo disponib sou panèl enfòmasyon aplikasyon entènèt lan. Pandan tan sa a patisipan yo ap kapab fè yon pwopozisyon sou konbyen yo ta renmen peye pou byen siplemantè yo.

Vant lan ap kòmanse lendi 20 septanm a 7:00 nan maten e lap kanpe samdi 25 septanm a 4:00 nan apremidi. Moun ki genyen yo ap resevwa yon notifikasyon sou imel ak telefòn yo e yap gen 2 jou pou peye epi vin pran zafè yo. Tout atik yo ap vann “jan yo ye a e kote yo ye a” e nan deviz lokal lan. Moun ki genyen yo ap kapab pran zafè yo Mèkredi 29 septanm soti 8:00 nan maten pou rive 2:00 nan apremidi ak jedi 30 septanm soti 9:00 nan maten pou rive 1:00 nan apremidi. Nou sipoze pran tout atik yo nan depo Reyes lan, ki anfas seksyon Konsila a.

Suiv etap sa yo pou kapab gen aksè a vant lan sou entènèt e soumèt pwopozisyon yo.

  1. Lyen pou gen aksè a vant lan sou entènèt https://online-auction.state.gov
  2. Klike sou “Register” pou kapab enskri
  3. Mete enfòmasyon yo mande yo
  4. Verifye imel ou pou konfimasyon
  5. Kounya ou kapab pwopoze kòb ou vle peye pou lo yo. Ouvri yon sesyon epi klike sou Pòtoprens, Ayiti
  6. Klike “subscribe” pou fè yon pwopozisyon