Anbasad Amerikèn ap òganize yon vant ozanchè sou entènèt soti 31 me pou rive 7 jen, 2022. Ap genyen atik pou vann tankou kanape, chèz, matla, je salamanje, fou, frijidè, machin pou lave, machin pou seche, ak machin ak motè.
Vant lan ap kòmanse Madi 31 me a 7:00 nan maten e lap kanpe Madi 7 jen a 4:00 nan apremidi. Tout atik yo ap vann “jan yo ye a” e “kote yo ye a” e nan deviz lokal lan. Tout vant yo final – kidonk pap ka gen retou, ni echanj. Moun ki genyen yo ap resevwa yon imel oubyen yon apèl nan telefòn epi ap vin peye pou atik yo nan kès Anbasad lan. Yap kapab peye epi pran zafè yo nan dat sa yo: 10 jen, soti 13 pou rive 17 jen komanse 9:00 nan maten jiska 2:00 nan apremidi. Nou sipoze pran tout atik yo nan depo Reyes lan, ki anfas seksyon Konsila Anbasad amerikèn lan.
Suiv etap sa yo pou kapab gen aksè a vant lan sou entènèt e soumèt pwopozisyon yo.
- Lyen pou gen aksè a vant lan sou entènèt https://online-auction.state.gov
- Klike sou “Register” pou kapab enskri
- Mete enfòmasyon yo mande yo
- Verifye imel ou pou konfimasyon
- Kounya ou kapab pwopoze kòb ou vle peye pou lo yo. Ouvri yon sesyon epi klike sou Pòtoprens, Ayiti
- Klike “subscribe” pou fè yon pwopozisyon