Deklarasyon Karine Jean-Pierre Sekretè pou Laprès nan Mezon Blanch sou desizyon tribinal Distri a anrapò ak Atik 42 a.

Mezon Blanch
20 me 2022

Administrasyon an pa dakò ak desizyon tribinal la, epi ministè jistis la anonse li pral fè apèl desizyon sa a. Kapasite pou defini politik sante piblik la nan nivo nasyonal dwe tounen nan Centers for Disease Control, men se pa nan yon senp tribinal nan distri a.  Sepandan, ann amoni ak jijman tribinal la, administrasyon Biden nan pral kontinye aplike otorite sante piblik nan atik 42 sou CDC yo nan ane 2020 pandan y ap tann apèl la.  Sa vle di, yo pral depòte moun k ap eseye antre yon fason ki pa legal nan peyi Etazini selon atik 42 a, ansanm ak konsekans sa ka genyen nan domèn imigrasyon tankou depòtasyon selon atik 8 la.

Pandan pwosedi apèl la, Depatman Sekirite Enteryè (Department of Homeland Security) pral kontinye planifye posiblite pou retire atik 42 a selon jijman sante piblik CDC a. Nan nivo sa a, tout moun ki eseye antre yon fason ki pa legal nan peyi a pral sou wout pou yo depòte san pèdi tan selon atik 8 la, si l pa gen yon motif valab pou l rete Etazini.