Sou-sekretè d Eta adjwen, Cynthia Kierscht, bat bravo pou teknoloji ameriken nan domèn enèji k ap sèvi ann Ayiti

Sou-sekretè d Eta adjwen nan, Cynthia Kierscht et pwopriyetè Les Entreprises Plastech Haïti S.A. ak Plastech Solutions S.A.

5 desanm 2019 – Sou-sekretè d Eta adjwen nan Biwo pou Afè Emisfè Oksidantal, Cynthia Kierscht, vizite Pòtoprens soti 4 pou rive 6 desanm. Pandan vizit sa a, li te rankontre pwopriyetè Les Entreprises Plastech Haïti S.A. ak Plastech Solutions S.A., ki se premye antrepriz ann Ayiti ki sèvi ak gaz natirèl likefye (LNG).

Gaz natirèl likefye se yon gaz yo refwadi jiskaske l vin likid, nan yon tanperati ki apeprè 126 degre selsiyis, pou yo ka transpòte li epi estoke li. Lè gaz natirèl la sou fòm likid, espas li pran an 600 fwa pi piti pase lè li sou fòm gaz.

Men ki sa sou-sekretè d Eta adjwen Kierscht deklare : “Teknoloji tounèf sa a ka gen yon gwo enpak ni ann Ayiti, ni nan Karayib la, kote konsomatè yo oblije chanje abitid yo paske enèji pa fasil pou jwenn e li chè. Li pwofite fè konnen, sèlman nan espas kèk mwa apre Les Entreprises Plastech Haïti S.A te kòmanse fonksyone, ni depans yo pou pwodui elektrisite, ni kantite gaz kabonik yo lage nan lè a te gentan diminye. Antanke manm estrateji Etazini – Karayib 2020, Etazini ap chèche ogmante ni pwosperite pa li, ni pwosperite pa vwazen l yo. Se poutèt sa yo fè pwomosyon pou kwasans dirab, mache ki ouvri, pwojè envestisman ak pwojè devlopman sektè prive a ap dirije. Men sa sou-sekretè d Eta adjwen Kierscht deklare pou l fini : “ Estrateji sa a bay bon rezilta tout moun ka wè ann Ayiti e sa ap fè moun anvi vin envesti ann Ayiti. E se sa k ap fèt kou gen yon gouvènman fonksyonèl ki ka garanti bonjan anviwònman pou envestisman, paske se yon anviwònman konsa ekonomi an bezwen ”.