Ambassad Ameriken nan Pòtoprens kontan anonse nou ke reprezantan biwo regyonal benefis federal la gen pou vini Pòtoprens pou yo ofri sèvis pou benefisyè ak moun ki gen kesyon sou Sèvis Sekirite Sosyal ak lòt benefis federal yo.
N’ap tou fè w sonje ke chak ane benefisyè ki ap viv an Ayiti yo dwe fè yon rapò bay administrasyon sekirite sosyal la e n’ap tou ka ranpli fòm sa nan rankont sila.
Ki kote: Sevis konsila, Ambasad Ameriken, Pòtoprens, Ayiti
Ki lè: Madi 17 ak Mèkredi 18 soti 8è nan maten rive 2zè30 nan aprè- midi.
Pou randevou: Pou pran randevou ale sou sit entènèt sila a epi enrejistre:
https://www.signupgenius.com/go/70a0d48aea622a6f85-ssaoutreach5
Nou ka resevwa w tou san randevou – Men w’ap tann anpil.
Pou ou kontakte FBU Santo Domingo, ou dwe rele nimewo sa : 809-368-7011 pou pran yon randevvou de Lendi rive Jedi a pati 9 e pou midi.
Lòt fason ou ka pran randevou, se voye on mesaj elektronik sou FBU.Santo.Domingo@ssa.gov . Pa bliye mete nan liy sijè a “ATTN: HAITI OUTREACH”
KISA POU OU POTE POU SEVIS SEKIRITE SOSYAL LA ( W’ap pote fotokopi ki byen klè chak dokiman ou gen pou ou bay yo)
Si w’ap aplike pou Benefis Sekirite Sosyal la: Pote orijinal epi fotokopi chak dokiman nou pral site la : Sètifika nesans (batistè oswa rapò konsilè sou nesans nan peyi etranje), paspò valid pou chak moun ki gen pou aplike. Si w’ap aplike pou lòt benefis yo oswa benefis pou fanmi defen yo, pote ak maryaj ou avek ak desè moun ou genyen ki mouri a.
Etid sou prèv lavi: Nan lane 2019 la, biwo sekirite sosyal voye yon kesyonè bay tout benefisyè ki gen 90 lane yo oswa plis lane toujou, ki toujou ap resevwa benefis pa yo epi ki gen nimewo sekirite sosyal ki fini pa chif 00 jiska 49. Souple, pote fòm sa SSA-7162 vini ak yon kopi paspò ou.
Aplikasyon Kat Sekirite Sosyal: Rampli fòm SS-5FS epi pote yon fotokopi paspò valid ou ak orijinal batistè w oswa sètifika nesans nan peyi etranje.
Chanjman Adrès pou Sekirite Sosyal: Pote paspò valid ou ak yon fotokopi.
Medicare Pati B Enskripsyon/Anilasyon: Pou enskri nan Medicare, ou ta dwe ranpli epi siyen fòm CMS-40B. Pou anile enskripsyon w nan Medicare Pati B, tanpri ranpli epi siyen fòm CMS-2690.
Si ou bezwen plis enfomasyon sou sèvis ke biwo Rejyonal Benefis Federal la ofri, vizite yo nan sit sila:https://cr.usembassy.gov/u-s-citizen-services/social-security/.
Pi bon fason pou nou kontakte biwo Rejyonal Benefis Federal la, se ekri yo nan adrès elektronik yo a : FBU.SANTO.DOMINGO@SSA.GOV
*** Nou paka tann pou nou resevwa w! ***