Miyami, Florid- Senatè Ameriken an Marco Rubio (Repibliken nan Florid) te rankontre ayè avèk Prezidan Ayisyen-an Jovenel Moise, Prezidan Sena-a Carl Murat Cantave, Prezidan Chanm Depite-a, Gary Bodeau, Anbasadè Ameriken nan Peyi Dayiti-a Michele J. Sison, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini-an Helen La Lime, Komisè Polis Misyon Nasyonzini pou Apiye Lajistis an Ayiti (MINUJUSTH), Serge Therriault, Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti-a, Michel-Ange Gédéon, manm pati politik Ayisyen yo, manm sektè biznis an Ayiti yo, epi ak manm sosyete sivil yo, pou te diskite sou jan sitiyasyon-an ap deroule nan Peyi Dayiti. Pandan vwayaj li-a, Rubio mete aksan sou enpòtans pou genyen yon dyalòg konstriktif ak enklizif ant tout pati yo. Senatè a te eksprime tou enpòtans pou eleksyon yo fèt nan peyi-a epi reyafime sipò li bay Polis Nasyonal Dayiti-a, ak respè pou eta de dwa ak demokrasi.
Senatè Rubio se Prezidan Soukomite Relasyon ak Peyi Lòt Bò Dlo pou emisfè lwès la, Soukomite Krim Entènasyonal, Soukomite Sekirite pou tout Sitwayen, Soukomite pou Demokrasi ak Dwa Moun, epi li nan Soukomite Pwoblèm Fanm ap konfronte an jeneral.
Foto sa yo se koutwazi Biwo Senatè Marco Rubio
Senatè Rubio tap rankontre avèk Prezidan Ayisyen-an, Jovenel Moise
Rubio rankontre Prezidan Sena-a, Carl Murat Cantave ak Prezidan Chanm Depite-a, Gary Bodeau
Senatè Rubio tap rankontre avèk Anbasadè Ameriken nan Peyi Dayiti-a, Michele Sison.
Rubio rankontre ak yon gwoup Merin Ameriken nan Anbasad Etazini an Ayiti
Rubio rankontre ak Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini-an Helen La Lime, Komisè Polis Misyon Nasyonzini pou apiye lajistis an Ayiti (MINUJUSTH), Serge Therriault, ak Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti-a, Michel-Ange Gédéon
Rubio rankontre ak Anbasadè Etazini an Ayiti, Michele Sison ak lidè pati politik Ayisyen yo.
Senatè Rubio rankontre avèk manm nan Sosyete Sivil an Ayiti yo.