Reyinyon ant sektè prive ayisyen an ak sektè prive dominiken an sou kesyon sekirite ak kontwòl sou fwontyè a
5 fevriye 2020
Deklarasyon ki fèt ansanm
Nan jou ki te 5 fevriye ki sot pase a, reprezantan òganizasyon ki nan sektè prive a ak ofisyèl nan gouvènman Ayiti ak Repiblik Dominikèn te rankontre nan pak endistriyèl CODEVI ki sitiye sou fwontyè a, pou yo te ka kontinye chita pale ki te deja tanmen sou fason yo ka vin gen yon fwontyè ki genyen plis sekirite ak plis pwosperite pou de nasyon yo. Se te twazyèm reyinyon konsa gouvènman ameriken an te òganize nan espas uit (8) dènye mwa ki sot pase yo. Moun ki te patisipe nan reyinyon sa a se de (2) anbasadè ameriken ki nan de peyi yo ak manm ekip yo, ansanm ak ofisyèl ki soti nan Depatman d Eta. Reprezantan ladwàn de (2) peyi yo, reprezantan Polis Nasyonal Ayiti, ak CESFRONT te patisipe aktivman nan rankont sa a tou. Sijè yo te plis pale sou yo se pi bon pratik, an rapò ak sektè prive a, k ap pèmèt gen plis transparans e k ap pèmèt komès k ap fèt sou fwontyè a vin pi fòmèl. Yo te chita tou sou fason ka gen pi bon kowòdinasyon ant ajan ki nan ladwàn ak ajan ki responsab sekirite nan de peyi yo. Inisyativ sa a rantre nan kad pi gwo efò k ap fèt pou fè komès fòmèl la vin pi djanm e pou bay plis sekirite sou fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Gwoup la te pran angajman pou kontinye fè efò pou twansfòme fwontyè ant de peyi yo, pou fè l tounen yon motè pou pwosperite ekonomik nan rejyon an.