Deklarasyon Sekretè Alejandro N. Mayorkas nan Apèl Konferans ak Laprès Ayisyen
Nan dat 19 septanm 2021
Sekretè Mayorkas: Mwen vle remèsye tout moun pou prezans nou aprèmidi an. Mwen konnen sitiyasyon an difisil e li atire atansyon anpil moun. Mwen vle pale de danje ak konsekans ki genyen pou Ayisyen lè yo itilize mwayen ilegal pou rantre nan yon peyi. Jan nou tout konnen, gen anpil anpil imigran ayisyen k’ap rive nan Del Rio, Texas.
Nou gen anpil preyokipasyon dèske Ayisyen ki pran mwayen ilegal pou rantre [nan peyi Etazini] jwenn move enfòmasyon kòmkwa fwontyè a louvè oubyen ke yo ka aplike pou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), menm si yo rive lontan apre dat limit ki pèmèt yon moun kalifye pou TPS la. Mwen vle asire m ke tout moun konnnen ke se pa fason sa pou vini Etazini.
Imigrasyon ilegal jan nou wè sa ap fèt kounye a bay anpil pwoblèm pou imigran yo. Eseye rantre Etazini nan fason sa pa vo lapèn pi viv trajedi ki ka pase, pa vo lapenn pou envesti lajan ak pakèt efò sa yo. Jan nou pa janm sispann di l depi nou soti Nòt Rejis Federal la – Federal Register Notice ki deziye peyi d Ayiti ofisyèlman kòm peyi ki ka resevwa TPS, se sèlman Ayisyen ki t ap viv Etazini avan dat 29 jiyè ki kalifye pou Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS).
Nou pran angajman pou devlope mwayen san danje, ki legal, ki byen òganize pou moun rantre [Etazini]. Sa n ap gade la a pa rantre nan kategori sa yo. Nan moman sa nou pa gen lòt chwa ke ògmante vòl depòtasyon yo.
Si yon moun rantre Etazini ilegalman, n’ap voye moun sa tounen an Ayiti e petèt nan lòt peyi.
Vwayaj la pap abouti. E moun yo ap mete lavi yo ak lavi fanmi yo an danje san ke yo pa abouti a sa yo te fè yo panse a. [Sa yo fè yo panse a] pa disponib. N ap mande moun yo pou yo pa eseye pran wout sa ki pap abouti. E nou vle pou moun yo tande mesaj sa ki trè, trè enpòtan e ki ka menm sove lavi. Kounye a, mwen konnen, Meira, ke nou pral kite moun poze kesyon. Mèsi.
Kesyon/Repons
Kesyon – Jacqueline Charles, Miami Herald: Bonswa. Sekretè, mwen gen de kesyon. Premye a, Anchaje Ofis Nasyonal pou Migrasyon an Ayiti a, nan yon entèvyou li bay Miami Herald jodi a, mande pou administrasyon Biden nan ta fè yon jès imanitè pou kanpe [depòtasyon yo] e li te site tout pwoblèm Ayiti ap travèse kounye a. Alòs, mwen ta renmen gen reyaksyon w sou [demand] sa. Dezyèmman, sa gen 10 lane, gouvènman ameriken an te bay OMI finansman pou asiste nan kesyon depòtasyon Ayisyen ke yo
t ap voye tounen. Kounye a, Etazini pa bay okenn èd e yo bezwen asistans. Kidonk, lè moun sa yo rive, yo pa gen okenn mwayen nan men yo. Nou te wè pandan epidemi COVID la, chanm otèl ki te dwe pou moun ki te enfekte avèk COVID, yo te sèvi ak yo pou moun yo t ap depòte yo. Eske Etazini, administrasyon [ameriken] an gen lide pou bay Ayiti yon èd finansyè pou ede ak depòtasyon ke nou pral wè la a ki ap plizyè milye moun, sèlman nan Del Rio?
Sekretè Mayorkas: Alòs, mèsi anpil pou tou de kesyon yo e kite m reponn yo nan lòd ou te poze m yo a. Nou etidye kondisyon yo an Ayiti. Si w sonje byen, nou te kite yon tan pase ant lè nou te anonse Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) ak lè nou fè nòt [sou TPS] la soti nan Rejis Federal la. Rezon nou te fè sa se te akòz kondisyon yo ke nou t ap suiv an Ayiti. Dat TPS la rete 29 jiyè. Li p ap chanje. Nou etidye kondisyon yo an Ayiti, nou trè konsyan de trajedi tranblemandetè a. Men, trajedi sa ap jere jewografikman e Ayiti fè nou konnen klèman ke li kapab resevwa vòl depòtasyon yo. Pou reponn a dezyèm kesyon w lan, Jacqueline, nou ap bay Ayiti finansman pou ede reseva moun k ap tounen yo, e diskisyon ak efò nan sans sa yo ap fèt nan moman sa yo. Mèsi anpil.
Kesyon – Macollvie Neel, Haitian Times: Wi, mwen se Macollvie Neel e mwen travay pou Haitian Times. Mèsi Sekretè pou apèl [konferans] sa. Mwen gen kèk kesyon sou lojistik depòtasyon yo. Mwen ta renmen konnen, premyèman kijan nou pral detèmine kiyès k ap tounen Ayiti e kiyès y ap voye nan yon lòt peyi? Dezyèmman, kilè administrasyon an ap panse pou l kòmanse avèk vòl depòtasyon yo. Eske se semèn sa oubyen mwa pwochen? Si w te ka pale de sa, li t ap trè bon.
Sekretè Mayorkas: Mèsi anpil Madam Neel. Kidonk, natirèlman nou nan diskisyon avèk lòt peyi konsènan vòl depòtasyon yo. Kounye a, vòl sa yo kòmanse, oubyen rekòmanse deja, mwen ta dwe di, jodi a e yo pral kontinye chak jou pou ale Ayiti. Mèsi.
Kesyon- Macollvie Neel: Eskize m. Mwen pa twò klè sou kijan y ap detèmine kiyès k ap tounen Ayiti e kiyès ki pral nan lòt peyi ak nan Amerik di Sid?
Sekretè Mayorkas: Kounye a, Madam Neel, nou ap voye moun tounen Ayiti. Vòl sa yo kòmanse.
Kesyon – Gessica Thomas, Reuters: Bonswa. Mwen ta renmen mande, eske ou ka bay rapò de vòl yo, ak kantite Ayisyen ki tounen nan peyi tankou Brezil ak Chili, epi an Ayiti. Epi, konbyen Ayisyen ki Etazini kounye a ki nan pwosesis sa ?
Sekretè Mayorkas: Kidonk, nou genyen apeprè, m ta di apeprè 12,000 moun nan Del Rio, Texas. Nou pa bay detay sou vòl yo jiskaske vòl yo fin fèt pou rezon sekirite ak lòt konsiderasyon. Men, nou ogmante kantite vòl yo pa rapò a volim moun ki nan sitiyasyon sa.
Kesyon – Wanda Tima, L’Union Suite: Mwen se Wanda, m ap travay pou L’Union Suite. Kidonk, kesyon m nan, Sekretè, se gen Ayisyen ki gen rezidans nan lòt peyi tankou Brezil ak Chili. Eske se tout Ayisyen nèt yo ap voye tounen Ayiti oubyen, kijan y ap jere yo pa rapò ak moun ki soti Chili oubyen Brezil?
Sekretè Mayorkas: Alòs, nou gade ki dokiman moun sa yo genyen, nou ap travay avèk lòt peyi. E sa se yon travay k ap kontinye nan moman sa. Sa nou genyen jodi a, demen, e lòt jou k ap vini yo, se vòl nou yo ki prale Ayiti, vòl depòtasyon pou Ayiti. Mwen dwe di, mwen konnen ke – si m ka ajoute yon bagay – mwen vle souliye yon bagay paske nou konsyan de aspè imanitè sitiyasyon an. E se pou rezon sa menm ke nou dwe ranfòse e fè pase mesaj pou di moun yo pa pran chans nan vwayaj sa, li gen danje, li koute lajan e l ap mete lavi yo nan gwo danje. Se jisteman pou rezon sa, se nan yon objektif imanitè ke nou fè demand sa pou fè mesaj la pase paske moun yo ap mete lavi yo nan men moun ki malonèt, ki pral antrene yo nan yon vwayaj ki gen danje e ki p ap abouti.
Mèsi anpil Meira e mèsi a nou tout paske nou te patisipe nan apèl [konferans] la aprèmidi sa nan yon moman ki vreman kritik e sansib. Mèsi anpil.
Allocution du secrétaire Alejandro N. Mayorkas
par devant la presse avec des médias haïtiens
Le 19 septembre 2021
Secrétaire Mayorkas : Je tiens à remercier tout le monde de s’être joint à nous cet après-midi. Je sais que la situation est difficile et convaincante. Je veux discuter des dangers et des conséquences de la migration irrégulière pour les Haïtiens. Comme tout le monde le sait, nous avons assisté à un afflux important de migrants haïtiens à Del Rio, au Texas.
Nous sommes très préoccupés par le fait que les Haïtiens qui empruntent la voie de la migration irrégulière reçoivent des informations erronées selon lesquelles la frontière est ouverte ou que le Statut de Protection Temporaire (TPS), leur est disponible, malgré le fait qu’ils arrivent bien après la date qui constitue le délai pour l’éligibilité au TPS. Je veux m’assurer que l’on sache que ce n’est pas la façon de venir aux États-Unis.
Les migrations irrégulières du type auquel nous assistons présentent un risque sérieux pour les migrants eux-mêmes. Essayer d’entrer aux États-Unis de cette manière ne vaut pas la tragédie, l’argent ou l’effort. Comme nous l’avons dit régulièrement depuis que nous avons publié l’Avis du Registre Fédéral désignant officiellement Haïti pour le TPS, seuls les Haïtiens vivant aux États-Unis avant le 29 juillet sont éligibles au Statut de Protection Temporaire.
Nous nous engageons à développer des voies de migration sûres, légales et ordonnées. Ce que nous voyons maintenant ne correspond pas à cela. Nous n’avons pas d’autre choix à ce stade que d’augmenter les vols de rapatriement.
Si une personne vient illégalement aux États-Unis, elle sera rapatriée en Haïti et éventuellement dans d’autres pays.
L’initiative ne réussira pas. Et des individus mettent leur vie et celle de leur famille en danger sans obtenir ce succès qui leur a été présenté de manière erronée. Il ne sera pas disponible. Nous exhortons les gens à ne pas tenter l’aventure et qu’ils ne réussiront pas. Et nous avons besoin que les gens entendent ce message très, très important et qui peut potentiellement sauver leur vie. Sur ce, je sais, Meira, que nous allons recevoir les questions. Merci.
Q/R
Q – Jacqueline Charles, Miami Herald : Bonjour, bon après-midi. Secrétaire, j’ai deux questions. Un, le chef de l’Office National des Migrations en Haïti aujourd’hui dans une interview avec le Miami Herald plaide essentiellement pour un moratoire humanitaire des États-Unis de la part de l’administration Biden, citant tous les défis actuels auxquels Haïti est confrontée en ce moment, donc je veux pour obtenir votre réaction à cela. Et deuxièmement, il y a environ 10 ans, le gouvernement américain a en fait fourni un financement à l’OIM pour aider au rapatriement des Haïtiens qui étaient refoulés. Les États-Unis n’ont accordé aucun financement et ils ont besoin d’aide. Donc, quand ces individus viennent, ils n’ont aucun moyen entre leurs mains, on a vu pendant l’épidémie de COVID, les chambres d’hôtel qui étaient censées être pour les personnes infectées par le COVID étaient – devaient être utilisées pour le retour des déportés. Est-ce que les États-Unis, l’administration, ont l’intention de fournir une aide financière à Haïti pour aider au rapatriement de ce que nous allons voir, ce sont des milliers de déportés ou, vous savez, de migrants venus de Del Rio ?
Secrétaire Mayorkas : Alors, merci beaucoup pour les deux questions et permettez-moi d’y répondre dans l’ordre dans lequel vous les avez posées. Nous avons certainement étudié et avons analysé les conditions en Haïti. Comme vous vous en souvenez peut-être, il y a eu une période de décalage entre notre annonce du Statut de Protection Temporaire et notre publication effective dans le registre fédéral de notre avis de Statut de Protection Temporaire, cela était dû aux conditions en Haïti que nous observions à ce moment-là. La date du TPS demeure le 29 juillet. Elle n’est pas modifiée, nous avons étudié les conditions en Haïti, nous sommes très attentifs au drame du séisme. Néanmoins, cette tragédie est géographiquement contenue, et Haïti nous a en effet communiqué assez clairement sa capacité à recevoir les vols de rapatriement. Nous sommes en effet, en réponse, Jacqueline, à votre deuxième question, nous apportons effectivement un financement à Haïti pour aider à accueillir les personnes rapatriées, et ces discussions et efforts sont en cours, merci beaucoup.
Q – Macollvie Neel, Haitian Times : Oui, salut c’est Macollvie Neel et je représente The Haitian Times. Merci, Secrétaire, pour cet appel, j’ai quelques questions concernant la logistique du rapatriement. Je suis curieuse de savoir, comment déterminerez-vous qui sera renvoyé en Haïti, par rapport à qui est renvoyé dans les autres pays d’où les gens affluent ? Et deuxièmement, à quel moment cherchons-nous à savoir si l’administration envisage de commencer ces vols de rapatriement, est-ce cette semaine ou le mois prochain, si vous pouviez expliquer cela, ce serait formidable ?
Secrétaire Mayorkas : Merci beaucoup Mme Neel. Donc, nous sommes bien sûr en discussion avec les pays concernant les vols de rapatriement. À l’heure actuelle, ces vols commencent, ou devraient recommencer, devrais-je dire aujourd’hui, et ils continueront quotidiennement vers Haïti. Merci.
Q – Macollvie Neel : Je suis désolée. Juste un suivi rapide, je n’étais pas claire sur la façon dont la détermination sera faite quant à savoir qui est retourné en Haïti par rapport à d’autres pays et en Amérique du Sud?
Secrétaire Mayorkas : En ce moment, Mme Neel, nous rapatrions des individus en Haïti, ces vols sont en cours.
Q – Gessica Thomas, Reuters : Bonjour. Je voudrais demander si vous pouvez fournir une ventilation des vols, ainsi que le nombre d’Haïtiens renvoyés dans des pays tiers comme le Brésil et le Chili, ainsi qu’en Haïti. De plus, combien d’Haïtiens sont actuellement traités aux États-Unis ?
Secrétaire Mayorkas : Nous avons donc environ, je dirais environ 12 000 personnes à Del Rio, au Texas. Nous ne fournissons pas de détails concernant les vols jusqu’à ce que les vols soient terminés pour des raisons de sécurité et d’autres considérations. Mais, nous augmentons en fait le nombre de vols compte tenu de l’ampleur de l’afflux que nous avons connu.
Q – Wanda Tima, L’union Suite : Salut ouais c’est Wanda de L’union Suite. Donc, ma question pour vous, Secrétaire, est qu’il y a des haïtiens qui résident dans ces autres pays comme le Brésil et le Chili. Est-ce que tous les Haïtiens sont renvoyés en Haïti, ou quel est leur processus avec les gens qui viennent du Chili ou du Brésil ?
Secrétaire Mayorkas : Donc, nous examinons la documentation que les individus ont, nous travaillons avec d’autres pays. Et c’est un effort continu en ce moment. Ce que nous avons aujourd’hui, ce sont, et demain, et dans les jours qui suivront, nos vols vers Haïti, les vols de rapatriement vers Haïti. Je dois dire que je sais que nous – si je peux juste ajouter un point, je veux souligner un point parce que nous sommes certainement préoccupés et conscients de la nature humanitaire de la situation. Et c’est précisément pour cette raison qu’il faut amplifier le message à ces individus de ne pas effectuer ce voyage, qui est dangereux, qui coûte cher, et périlleux. C’est précisément pour cette raison, c’est au service d’un objectif humanitaire que nous faisons cette demande pour amplifier le message, car des personnes remettent leur vie entre les mains de passeurs pour un voyage dangereux qui ne sera pas couronné de succès.
Merci beaucoup Meira et merci à vous tous d’avoir participé à cette rencontre cet après-midi à un moment des plus importants et sensibles. Merci beaucoup.