Diskou Anbasadè Sison pandan yon BBQ pou jèn nan rezidans li

Bon aprè midi!

Mwen kontan anpil pou mwen wè nou tout isit la nan rezidans Anbasadè a jodi a.

Mwen kontan akeyi jèn yo ki sòti nan SAKALA.  Mwen te vizite SAKALA nan mwa pase yo, epi mwen te pwomèt pou pèmèt yo pou fè yo vizite  rezidans la.

Mwen kontan tou pou mwen wè Youth Explorers yo (Jèn Eksploratè yo) ak kèk nan konsèye ki nan Polis kominotè yo avèk nou jodi a.

Mwen swete bon retou a 13 Youth Ambassadors (Jèn Anbasadè yo) ki te retounen yè nan peyi a aprè yo sot pase 3 semèn nan vil Maine ak Washington, DC.

Jodi a sanble anpil ak yon babekyou yo fè pandan sezon ete epi ki tipik pou anpil Ameriken ki isit la avèk ou jodi a. Nou reyini Ayisyen ak Ameriken pou fè nouvo zanmi, epi tou senpleman mete, jwe.

Mwen ta renmen di nou chak ki la jodi a ke ou se lespwa a, pwomès, ak lavni peyi Dayiti. Sa pa gen lontan, kèk nan kòlèg mwen yo te gen opòtinite pou diskite ak Youth Explorers yo apre manifestasyon ki te fèt 6 jiyè ki sot pase a.  Sa te frape yo anpil pou wè ke pandan kèk nan nou te rankontre kèk difikilte oswa yo pat konprann poukisa bagay sa a te rive apre match Koup dimonn lan, men te gen anpil nan yo ki montre ke yo se lidè. Kit se nan ede yon jèn ki te pèdi jwenn yon paran oswa pataje medikaman ki nesesè pou yo ka siviv, nou te tande anpil egzanp de jèn yo ki te konpòte yo an bon sitwayen epi ki te ranpli wòl lidè yo.

Mwen ankouraje kalite inisyativ lidèchip sa a lakay nou chak ki la a. Devlope epi kreye nouvo metòd kominikasyon, rekonèt enpòtans pou nou rete kalm, pou montre yon lidèchip responsab nan moman konfizyon oswa estrès, se konpetans pou lavi ki pral sèvi ou kèlkeswa pwofesyon ou pratike.

Nan SAKALA, gen yon mi ki rele “Wall of hope – Mi Lespwa.”  Li te enspire mwen anpil.  Mwen ta renmen nou pataje kèk nan rèv nou genyen avèk mwen.

Rèv mwen apre mwen fin sèvi isit la nan peyi Dayiti pandan premye vwayaj diplomatik mwen an se pou wè yon Ayiti kote nou tout kanpe a kote youn lòt pou nou ankouraje youn ak lòt, pou nou pran responsablite nou, pou no kreye djòb ak opòtinite pou jenerasyon ki pi jèn yo.

Aprèmidi sa a, si sa enterese kèk moun, mwen ta renmen tou dabò fè nou vizite rezidans la.

Anvan mwen fini, mwen vle rekonèt jefò kèk nan kamarad Ameriken ki la avèk nou jodi a pou ede nou òganize aktivite nou yo. Mwen vle remèsye tou plizyè nan Marines nou yo ki te volontè pou ban nou yon koutmen pou fè kèk aktivite pou amize nou tout jodi a.

Mwen ta renmen envite moun ki enterese vizite rezidans lan pou swiv mwen nan salon an. Lòt moun ki vle rete jwe deyò a, tanpri, fè kòm si nou te lakay nou.

Mèsi dèske nou vizite mwen jodi a.  An nou pran angajman pou nou fè nouvo zanmi jodi a!