Remarques d’ouverture à TechCamp

Bonjou Antreprenè. Chè Antreprenè – Nou kontan wè nou tout isit la nan Okay aswè-a.

“Toupatou nan lemond, antreprenè ap revolisyone ekonomi, epi amelyore sosyete nou yo. Se pawòl Madam Yvanka Trump te di lè li te patisipe nan dènye Somè Mondyal ki te òganize sou kesyon antreprenarya.  Pawòl sa yo fè anpil sans pou mwen lè mwen ap gade kontribisyon antreprenè yo ap pote chak jou isit-la nan vil Okay tankou toupatou nan peyi Dayiti.

Èske nou te konnen ke antrepriz mwayen yo ak ti antrepriz yo se potomitan ekonomi amerikèn lan? Yo reprezante plis pase 99% antrepriz amerikèn yo, epi yo anplwaye 48% fòs travay la.

Peyi Etazini rekonèt valè antreprenè yo nan ekonomi mondyal la. Nan emisfè sa-a, nou fyè dèske nou sipòte Inisyativ Jèn Lidè Amerik-la, ki rele YLAI.  YLAI konekte jèn lidè yo ant yo menm.  Pwogram YLAI-la bay antreprenè yo fòmasyon, zouti, rezo ak resous yo bezwen pou transfòme antrepriz yo, epi pou kontribiye pi plis nan devlòpman ekonomik ak pwosperite.  Gen de moun nan panèl  ki pral fè prezantasyon pou nou yo ki te patisipe nan pwogram YLAI-la. Nou fyè dèske gen dè milyè Ayisyen ki aktif sou rezo YLAI-la.  Genyen nan nou ki te dekouvri pwojè TechCamp Okay la atravè rezo sila-a.  Mwen envite nou tout al enskri depi wikenn lan.

An Ayiti, nou sipòte antreprenarya ak pwogram vityèl ke nou pataje atravè GIST, nou sipòte Chanm Komès Fanm Antreprenè Dayiti, ______, ak dezyèm Somè Tech Haiti ki gen pou òganize nan mwa jen.

Jodi-a, nou felisite nou dèske nou vle devlope antrepriz nou yo, epi dèske nou vle gen plis konesans sou nouvèl teknoloji yo. Pwojè TechCamp yo se yon seri pwojè ki kreye pou chache repons pou bezwen ke nou genyen yo.  Nou apresye dèske nou te pran tan pou reponn kesyonè a.  Sa te ede nou lanse pwosesis la.  Mwen tèlman wè gen opòtinite nan vil Okay.  Mwen kontan rankontre yon seri antreprenè ki gen detèminasyon, ki gen anpil enfliyans, epi ki ap chèche ranfòse konesans yo sou fason yo ka devlope antrepriz yo pi plis epi kontribiye nan ekonomi kominote yo ak peyi yo.

Nou kontan dèske nou te fè yon patenarya ak yon gwoup antreprenè eksepsyonèl ki te pwopoze tèt yo pou travay kòm volontè nan enterè nou. Yon bagay nou tout kwè ladan’l sè ke ansanm nou pi fò. Chak moun nan sal la gen yon wòl enpòtan pou li jwe nan ekosistèm rejyon Sid yo.  Mwen ta renmen mande chak moun mwen pral site non yo la pou yo vini jwenn mwen pou nou montre yo rekonesans ak apresiyasyon nou pou kontribisyon yo pote nan pwojè TechCamp Okay-la.

Majistra  Fortune
Pierre Antoine Borgas, Prezidan Chanm Komès
Paul Touloutte, Reprezantan Provost, American University of the Caribbean
Alex Nana Sinkam, Reprezantan IDeo, San Francisco
Carel Pedre, Chokarella
Marc Alain Boucicault, Banj
Christine Souffrant Ntim, Fondatè Vendedy
Makendy Smith, Fondatè Mak Pa Nou, ansyen patisipan YLAI
Daniella Jacques, Fondatè Dofen News ak Chanm Komès Fanm Antreprenè Dayiti
Wanborch Bastien, PC Express
Miguelito Jerome, Fondatè 500Gourdes.com, ansyen patisipan YLAI
Shaina Silva, Reprezantan Google
Naisha Silva, Manm Konsèy Ekzekitif  Haiti Tech Summit
Noab Sanon, R        eprezantan Surtab

  • Ansanm, nap lanse ofisyèlman TechCamp Okay. Eksplore, pran plezi, pataje, men sitou mwen swete nou Grandi!