Bonjou tout moun!
Yon bonjou espesyal pou Olenpik Spesyal Ayiti a.Chapo ba!
Premyèman, mwen ta renmen felisite Digicel pou pwogram espò “JumpStart NBA” la ke li òganize pou enspire jèn yo atravè patenarya li ak Asosyasyon Nasyonal Baskètbòl-la.
Yon gwo mèsi pou Troy Justice ki se Direktè Operasyon Entènasyonal Baskètbòl, ak Ron Nored, Antrenè an tèt ekip “Long Island Nets” la, nan NBA ki kreye tan an pou vin Ayiti nan kad pwogram sa-a
M’ap aplodi jefò nou fè yo pou vin pataje enpòtans ekzèsis fizik ak jèn nan peyi Dayiti, e prezans yo se yon konkennchen temwayaj ki demontre ke “Pa gen rèv ki trò gwo.”
Epitou, felisitasyon pou nou tout jodia ki te patisipe nan konpetisyon sa-a. Bon bagay!
Anbasad-la travay avèk anpil òganizasyon jèn ki itilize espò pou aprann jèn yo anpil konpetans k’ap itil yo tout lavi yo nan yon pwogram nou genyen ki rele “Espò ak Diplomasi”.
Atravè espò, nou aprann anpil sou bon konpòtman pou nou genyen, nan travay ansanm, detèminasyon, lidèchip, ak anpil lòt konpetans enpòtan ankò.
Bòn chans ekip Ayiti a nan Trinidad e felisitasyon nou tout!