Message de Condoléances des États-Unis

L’Ambassade des États-Unis présente ses condoléances aux familles et aux amis des victimes du naufrage du bateau survenu le 19 août dernier. «Nous adressons nos sincères condoléances aux familles et amis qui ont perdu des proches », a déclaré l’Ambassadeur Sison.

Le 19 août, la Garde-côtière américaine a reçu la notification concernant le naufrage du navire qui avait quitté Saint-Louis du Nord et qui se dirigeait vers Hauts Figuiers (La Tortue), vers 12:30 pm. Selon le rapport, 13 morts ont été retrouvés (11 adultes et deux enfants). Un navire et un hélicoptère de la Garde-côtière américaine ont effectué des recherches durant toute la nuit du 19 août jusque dans l’après-midi du 20 août.

La Garde-côtière américaine, en coopération avec les autorités haïtiennes, continue de tout mettre en œuvre pour préserver des vies et faire appliquer la loi. Cette tragédie rappelle les risques des voyages à bord de petits bateaux souvent peu fiables qui ne peuvent naviguer en toute sécurité dans des eaux dangereuses lorsqu’ils sont surchargés.


Mesaj Kondoleyans peyi Etazini

 

Anbasad peyi Etazini prezante kondoleyans li bay fanmi ak zanmi tout moun ki viktim nan bato ki te koule jou ki te 19 dawout la. Anbasadè Sison deklare: « Nou prezante kondoleyans ki soti nan kè nou bay tout manm fanmi ak zanmi ki pèdi moun ki pwòch yo ».

Jou ki te 19 dawout la, Gadkòt ameriken te resevwa enfòmasyon ke yon bato ki soti Saint Louis du Nord ki ta pral Hauts Figuiers (Zile Latòti) te koule vè 12:30 pm. Dapre rapò a, yo jwenn 13 mò (11 granmoun ak 2 timoun). Yon bato ak yon elikoptè Gadkòt ameriken pase tout nwit la ap fè rechèchrive jis nan demen aprèmidi jou 20 dawout la.

Gadkòt ameriken mete ansanm ak otorite nan peyi d Ayiti pou yo kontinye fè tout sa yo kapab pou pwoteje lavi epi pou fè respekte lalwa. Trajedi sa a fè nou sonje danje ki genyen nan vwayaje sou ti bato ou pa ka fè konfyans. Bato sa yo pa ka vwayaje an sekirite sou lanmè ki move lè yo twò chaje.