Les entrepreneurs en santé combattent la malnutrition dans leurs communautés avec le soutien de l’USAID

[Port-au-Prince] – Des entrepreneurs des régions rurales d’Haïti passent à l’action pour mettre fin à la malnutrition dans leurs communautés, avec le soutien de l’USAID et de la Fondasyon Kole Zepòl (Fonkoze) à travers le programme Aksyon Kominotè nan Sante pou Ogmante Nitrisyon (AKSYON). Cette année seulement, le programme a dépisté près de 75 000 enfants pour la malnutrition dans les dix départements d’Haïti, y compris 138 communes, 591 sections communales et 5 285 localités.

L’Ambassadeur des États-Unis en Haïti, Michele Sison, a déclaré: “Le programme AKSYON aide non seulement à combattre et à prévenir la malnutrition à travers Haïti. Il crée également des opportunités pour les entrepreneurs en santé communautaire de développer leur propre entreprise tout en faisant une différence dans leur quartier.”

AKSYON est un programme de 14 millions de dollars sur 5 ans mis en œuvre par Fondasyon Kole Zepòl (Fonkoze) depuis août 2016. AKSYON travaille à travers le réseau national de magasins de santé communautaire de FONKOZE appelé Boutik Sante pour offrir des produits de santé fiables, abordables et vitaux, ainsi que des informations et services dans les zones rurales d’Haïti. AKSYON permet à Fonkoze et à l’USAID, à travers le programme Boutik Sante, d’approfondir les interventions contre la malnutrition.

Grâce au programme AKSYON financé par l’USAID, les 1368 entrepreneurs en santé communautaire de FONKOZE sont devenus les héros de première ligne de la lutte contre la malnutrition à l’échelle nationale dans les régions les plus reculées d’Haïti. Ils mènent désormais des campagnes de dépistage de la malnutrition dans leurs communautés et, avec le soutien des infirmières autorisées, identifient les cas de malnutrition et les orientent vers les établissements proches pour traitement. Par la suite, les entrepreneurs en santé communautaire et les infirmières effectuent trois mois de visites de suivi pour s’assurer que les enfants restent en bonne santé. Par le biais du programme USAID AKSYON, ils vendent également d’autres produits de santé qui favorisent la santé et la nutrition tels que le savon antibactérien, le désinfectant pour les mains, le sel iodé, la poudre de moringa, les graines végétales, le sel de réhydratation orale et les comprimés de purification de l’eau, entre autres.

Carinne est une entrepreneure en santé communautaire qui dirige sa boutik sante dans la région de la Croix-des-Bouquet. La vente de produits de santé et la fourniture de services de santé tels que des dépistages de la malnutrition à sa communauté lui apporte de la joie. “Aider les gens du quartier est une seconde nature pour moi», explique-t-elle. Carinne exploite sa boutik sante à partir de chez elle, ce qui lui permet de gérer son entreprise de vêtements en parallèle.

Chris Cushing, Directeur de Mission de l’USAID, déclare: “Une bonne nutrition est la clé du développement des enfants afin qu’ils puissent vivre une vie saine et productive. Les programmes de nutrition maternelle et infantile de l’USAID en Haïti et dans le monde sauvent des vies, aident les enfants à devenir des citoyens forts et productifs et aident les pays à dépasser le besoin d’assistance étrangère.”

Pour plus d’informations sur Fonkoze, veuillez visiter: https://www.fonkoze.org


 

Antreprenè sante yo ap konbat malnitrisyon nan kominote yo ak sipò USAID

 

[Potoprens] – Kèk antreprenè nan zòn pwovens peyi a mete ansanm pou yo kwape malnitrisyon nan kominote yo, ak sipò USAID ak Fondasyon Kole Zepol (FONKOZE) atravè pwogram ki rele Aksyon Kominotè nan Sante pou Ogmante Nitrisyon (AKSYON). Ane sa sèlman, pwogram nan teste 75 000 timoun ki fè malnitrisyon nan dis depatman peyi a, nan 138 komin, 591 seksyon kominal ak 5285 lokalite.

Ambasadè peyi Etazini an Ayiti a di konsa: “Pwogram AKSYON an pa selman ap ede goumen epi evite malnitrisyon an Ayiti. Men tou li kreye opòtinite pou antreprenè sante kominotè yo devlope bizniz pa yo pandan yap pote kontribisyon nan katye pa yo.”

AKSYON ke Fondasyon Kole Zepòl (FONKOZE) ap jere depi 2016  se yon pwogram 14 milyon dola ki ap dire 5 lane. Travay pwogram AKSYON an fèt atravè yon rezo magazen sante nasyonal ki rele Boutik Sante, ki ofri bon jan pwodwi sante ki pa chè epi ki enpòtan, yo bay enfomasyon ak sèvis nan zòn pwovens peyi Dayiti yo. Aksyon pèmèt FONKOZE ak USAID atravè pwogram Boutik Sante yo fè pi gwo entèvansyon kont malnitrisyon.

Gras ak pwogram AKSYON USAID finanse a, gen 1368 antreprenè sante kominotè FONKOZE ki tounen ero ki kanpe kin pou goumen kont malnitrisyon sou tout teritwa nasyonal la, nan zòn ki pi lwen Ayiti yo. Yo menm fè kanpay sansibiliszasyon nan kominote yo pou ankouraje fè tès malnitrisyon pou timoun, ak sipò enfimyè autorize, idantifye ka malnitrisyon epi montre yo klinik ki pre kote yo ka fè tretman. Apre sa, antreprenè sante kominotè yo ak enfimyè yo vizite timoun yo pandan 3 mwa pou asire ke yo rete an sante. Pwogram Aksyon USAID a pèmèt yo vann pwodwi sante tankou savon ki touye mikwòb, dezenfektan pou men, sèl yode, poud moringa, grenn legim, sewòm oral ak komprime pou trete dlo elatriye.

Carinne se yon antreprenè sante kominotè ki ap jere boutik sante li a nan zòn Kwadeboukè. Li kontan anpil vann pwodwi sante yo ak bay sèvis sante tankou fè tès malnitrisyon nan kominote li a. “ Ede moun nan katye a fè pati de lavim” li explike. Boutik sante Carinne nan lakay li, sa pèmèt li jere komès rad li a san pwoblèm.

Chris Cushing, Direktè Misyon USAID a di konsa: “ Bon lamanjay se kle devlopman timoun yo pou yo ka viv an sante. Pwogram nitrisyon pou manman ak timoun USAID Ayiti ak nan lòt peyi nan mond la sove lavi anpil moun, yo ede timoun yo vin sitwayen ki djanm ak pwodiktif ki kapab ede peyi yo fonksyone san asistans etranje.”

Pou jwenn plis enfòmasyon sou Fonkoze, vizite sit yo a: https://www.fonkoze.org