Gen twòp peyi sou latè kote yo touye jounalis, yo tòtire yo, yo mete yo nan prizon epi yo pèsekite yo poutèt repòtaj yo fè. Repòtaj sa yo denonse abi pouvwa gouvènman ki kòwonpi ap fè, yo deranje fonksyònman òganizasyon teworis ak òganizasyon kriminèl, e yon konbat enfòmasyon ki pa kòrèk.
Nan mwa desanm 2018, te gen plis pase 250 jounalis ki te toujou prizonye nan divès peyi sou latè. Pami peyi ki pi agresif yo, nou ka site Tiki, Lachin ak Ejip. Gen pwofesyonèl laprès ak blogè ki nan prizon nan peyi tankou Iran, Arabi Sawoudit, Eritre, Vyetnam, Azèbayidjan, Meksik ak Nikaragwa.
Nan okazyon Jounen entènasyonal pou sispann enpinite pou krim yo komèt kont jounalis, peyi Etazini pa ka pa sonje tout repòtè sa yo yo touye pandan y ap fè travay yo e peyi Etazini ap mande pou yo sispann tousuit tout menas, tout presyon ak tout zak vyolans k ap fèt sou jounalis ak lòt pwofesyonèl laprès k ap fè travay yo. Nou kore libète laprès ak tout fòs nou e se yon bagay Konsitisyon nou konsakre. Peyi Etazini ap kontinye denonse tout moun k ap chèche konbat dwa sa a ki se yon eleman esansyèl nan tout sosyete ki djanm.