Déclaration conjointe pour la réunion de mars 2021

Le 17 mars, le Département d’État a rencontré virtuellement des représentants des secteurs privés d’Haïti et de la République dominicaine pour un examen des progrès réalisés en rapport avec les initiatives conjointes qui visent à contribuer à un avenir plus prospère pour les deux pays. La réunion a été convoquée par Laura Lochman, sous-secrétaire d’État adjointe par intérim pour Haïti, le Canada et les Caraïbes, L’Ambassadeur des États-Unis en Haïti, Michele Sison et le chargé d’affaires de l’ambassade des États-Unis en République dominicaine, Robert Thomas. Au milieu des défis des deux dernières années, ce dialogue permanent s’est révélé être un mécanisme utile pour entreprendre des discussions collaboratives et atteindre des objectifs tangibles. Les participants ont renouvelé leur engagement envers un ensemble de priorités ciblées pour améliorer le climat des affaires, formaliser le commerce, promouvoir l’État de droit et stimuler le développement le long de la frontière haïtiano-dominicaine.

###

Deklarasyon ki fèt nan tèt ansanm pou reyinyon mas 2021 an

Jou ki te 17 mas la, Depatman d Eta te gen yon rankont pa videyokonferans ak reprezantan sektè prive Ayiti ansanm ak reprezantan sektè prive Repiblik dominikèn. Yo te vle analize pwogrè ki deja fèt an rapò ak inisyativ yo te pran nan tèt ansanm pou pèmèt de peyi yo gen yon pi bèl avni. Moun ki te òganize reyinyon an se Laura Lochman ki se sousekretè d Eta adjwen pa enterim pou Ayiti, Kanada ak Karayib la. Ansanm avèk li te gen Anbasadè Etazini ann Ayiti, Michele Sison, ansanm ak chaje d afè anbasad Etazini nan Repiblik dominikèn, Robert Thomas. Lè nou konsidere difikilte ki te genyen pandan de ane ki sot pase yo, nou ka di dyalòg pèmanan sa a te vin yon zouti itil pou pèmèt gen bon chita pale ki fèt e pou pèmèt gen objektif klè ki reyalize. Patisipan yo te fè konnen, yon lòt fwa ankò, angajman yo pou yo kore kèk priyorite ki te etabli nan objektif pou amelyore anbyans pou moun fè biznis, pou fòmalize komès, pou favorize Eta de dwa e pou ankouraje devlopman sou fwontyè ki genyen ant Ayiti ak Repiblik dominikèn.