Depatman Sekirite Nasyonal
26 me 2022
Fèy Enfòmasyon
Nan dat 31 me 2022, Depatman Sekirite Nasyonal la (Department of Homeland Security, DHS) ak Depatman Jistis la (Department of Justice, DOJ) te kòmanse aplike yon lwa pou asire moun ki nan yon pwosesis pou yo te depòte yo byen vit epi ki kalifye pou azil ap jwenn èd san pèdi tan, epi y ap depòte san pèdi tan moun ki pa kalifye yo. Akoz reta ki genyen nan tribinal yo, pwosesis pou odyans ak desizyon konsènan demann azil sa yo pran kounye a, an mwayèn, plizyè ane. Piske yo etabli yon pwosesis ki pèmèt yo fè yon egzamen ki efikas e apwofondi anrapò ak demann azil yo, nouvo lwa a pral ede yo diminye reta ki gen kounye a nan tribinal imigrasyon yo epi li pral fè pwosesis la vin pi kout pou l dire kèk mwa sèlman.
Dènye Lwa Pwovizwa
Dènya lwa pwovizwa (interim final rule, IFR) mas 2022 a ki gen tit « Pwosedi pou Egzamen Krent ki Byen Fonde ak Egzamen Demann Azil yo, Kanpe Depòtasyon ak Demann pou Pwoteksyon CAT Ofisye ki Responsab Azil yo bay » (yo konn rele l pafwa Lwa anrapò ak Ofisye ki Responsab Azil yo) otorize Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon nan Etazini (U.S. Citizenship and Immigration Services, USCIS) pou egzamine demann azil pou kèk moun ki nan yon pwosesis pou yo depòte yo byen vit ki montre yo pè pou yo ta pèsekite yo oswa maltrete yo pandan egzamen obligatwa anrapò ak krent ki byen fonde a. Kounye a, se jij nan imigrasyon yo (immigration judges, IJs) ki nan Komisyon Egzekitif pou Kontwòl anrapò ak Imigrasyon (Executive Office for Immigration Review, EOIR) ki nan Depatman Jistis la (Department of Justice, DOJ) ki trete dosye sa yo.
Akoz reta ki genyen nan tribinal yo, pwosesis pou odyans ak desizyon konsènan demann azil sa yo pran kounye a, an mwayèn, plizyè ane. Grasa yon pwosesis pwogresif, epi, lè l fin etabli nèt, lwa a pral pèmèt pwosesis administratif yo vin pi kout, soti nan plizyè ane pou vin nan kèk mwa sèlman. Moun ki kalifye pou azil yo pral jwenn yon pwoteksyon byen rapib, epi yo pral depòte san pèdi tan moun ki pa kalifye yo olye pou yo rete Etazini pandan plizyè ane alòske dosye yo ann atant.
DOMÈN APLIKASYON
Se sèl moun ki nan pwosesis pou yo depòte yo san pèdi tan, apre 31 me 2022, nouvo pwosesis la kapab konsène. Yon fason ki pi klè, jan yo mansyone sa nan IFR la, lwa a aplike fason yo te prevwa l la epi sèlman pou granmoun ak fanmi ki nan yon pwosesis pou yo depòte yo san pèdi tan epi ki fè konnen yo gen lide mande azil, yo pè pou yo pèsekite yo oswa maltrete yo, oswa yo pè pou yo retounen nan peyi kote yo te fèt la, apre dat kote yo kòmanse aplike lwa a. Yo pa aplike lwa a pou timoun ki poukont yo.
Aplikasyon Ofiramezi
Aplikasyon an pral fèt ofiramezi, y ap kòmanse ak yon ti gwoup moun epi l ap ogmante ofiramezi USCIS ap devlope kapasite fonksyònman li. Apati 31 mas, chak mwa, DHS la pral fikse objektif pou voye anviwon kèk santèn moun ki pa sitwayen nan USCIS pou yon Entèvyou sou Bonjan Baz pou jwenn Azil (Asylum Merits Interview, AMI), apre yon evalyasyon pozitif anrapò ak krent ki byen fonde.
Lokal yo
Premye lokal kote y ap mete moun ki fè demann yo nan kad pwosesis sa a se pral de (2) lokal prizon nan Texas yo. Ofisye ki responsab dosye azil yo pral fè entèvyou nan telefòn nan de (2) lokal sa yo anrapò ak krent ki byen fonde, sa gen l tou moun ki gen posiblite, alavni, pou ale nan USCIS pou yon AMI apre yon desizyon pozitif anrapò ak yon krent ki byen fonde. Toudabò, yo pral rezève demann AMI pou moun ki deklare nan USCIS, nan Imigrasyon ansanm ak nan Sèvis Dwàn yo (Immigration and Customs Enforcement, ICE) lide yo genyen pou yo rete nan youn nan sis vil sa yo: Boston, Los Angeles, Miami, New York, Newark, oswa San Francisco.
Tretman
Ou ap jwenn anba a yon deskripsyon etap pa etap anrapò ak fason pwosesis la pral fonksyone pandan peryòd aplikasyon ofiramezi a:
Plasman anrapò ak Depòtasyon San Pèdi tan: Moun sèvis dwàn yo ansanm ak Polis nan Fwontyè yo (Customs and Border Protection, CBP) te rankontre sou fwontyè a ki nan pwosesis pou yo depòte yo san pèdi tan epi ki fè konnen yo pè, yo pral transfere yo nan prizon nan ICE, ann amoni ak metòd y ap aplike kounye a.
Entèvyou Sou Krent ki Byen Fonde: Moun yo pral pase entèvyou pou krent ki byen fonde yo a pandan yo nan prizon, ann amoni ak metòd y ap aplike kounye a. DHS ansanm ak DOJ ap travay pou bay moun yo posiblite pou yo rive gen aksè ak founisè pwogram konsèy jiridik la anvan entèvyou anrapò ak krent ki byen fonde yo a. Si antèvyou sou krent ki byen fonde a debouche sou yon desizyon negatif, moun nan ka mande pou IJ reegzamine desizyon an, ann amoni ak metòd y ap aplike kounye a. USCIS kapab tou reegzamine, selon desizyon pèsonèl li, yon desizyon negatif anrapò ak krent ki byen fonde yon IJ te deja apwouve, si yo voye demann nan ale nan sèt (7) jou ki vin apre apwobasyon IJ a oswa anvan depòtasyon an, selon sa ki vin anvan nan de (2) sitiyasyon sa yo.
Demann pou yon Entèvyou sou Bonjan Baz pou Jwenn Azil (Referral for an Asylum Merits Interview, AMI): Pandan aplikasyon ofiramezi a, moun ki nan yon pwosesis pou yo depòte yo san pèdi tan, ki benefisye yon desizyon pozitif anrapò ak krent ki byen fonde a epi ICE wè, selon sitiyasyon ki prezante a, li nòmal pou yo libere yo nan prizon kote yo ye a, yo kapab voye yo nan USCIS pou yon AMI ki pa kontestab. Moun nan dwe fè konnen li gen lide pou l rete nan youn nan sis vil yo sible yo kote y ap òganize AMI yo pandan aplikasyon ofiramezi a (Boston, Los Angeles, Miami, New York, Newark, ak San Francisco). Lè moun yo pral resevwa desizyon pozitif anrapò ak krent ki byen fonde a, yo pral fè yo konnen yo nan pwosesis AMI. Anrejistreman desizyon pozitif anrapò ak krent ki byen fonde a pral reprezante demann azil la, epi dat notifikasyon desizyon pozitif anrapò ak krent ki byen fonde a pral koresponn ak dat soumisyon pou demann azil la. AMI an pral fèt pou pi bonè 21 jou epi pou pi ta 45 jou apre desizyon pozitif anrapò ak krent ki byen fonde a.
Yo pral mete moun ki libere nan prizon pandan peryòd sa a nan lòt prizon (alternatives to detention, ATD) si sa nesesè pou yo gen asirans yo respekte obligasyon yo genyen nan domèn rapò, entèvyou ak odyans.
Moun yo pral gen jiska sèt (7) jou (si yo pral prezante an pèsòn) oswa 10 jou (si yo voye demann nan grasa kourye) anvan AMI an pou modifye oswa korije dosye ki etabli apati entèvyou anrapò ak krent ki byen fonde a epi bay lòt prèv. Si yon moun pa ale nan AMI an, yo pral pran dispozisyon pou egzekisyon ki apwopriye.
Si USCIS estime moun nan kalifye pou azil, moun nan pral resevwa yon lèt k ap fè l konnen ki avantaj ak pwosedi ki mache ak sa.
Pwosesis pou depòtasyon ki Senp: Si USCIS Pa bay azil la, ajans la pral transfere dosye a bay EOIR pou yon pwosedi depòtasyon ki senp selon Atik 240 nan Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite a. Ofisye ki responsab azil la pral egzamine pou gade si moun ki fè demann nan te pwouve li kalifye pou kanpe oswa repòte depòtasyon an sou baz prèv li prezante devan USCIS.
Nan sis (6) vil ki mansyone anwo yo gen rejis ki pral dsiponib pou pwosedi sa yo. Pandan pwosedi sa yo, JI a pral egzamine demann azil moun ki pa sitwayen an ansanm ak prèv li bay pou sipòte l yo, epi JI a pral detèmine si moun nan dwe jwenn azil.
Nan ka kote USCIS a pa bay azil la, ofisye ki responsab azil la pral mete nan desizyon l lan yon nòt ki fè konnen si moun ki fè demann nan prensipalman te pwouve li kalifye pou kanpe oswa repòte depòtasyon an sou baz prèv li prezante devan USCIS yo sèlman. Depi yon moun nan yon pwosedi pou yo depòte l, si IJ nonsèlman pa bay azil la men bay lòd pou depòte moun nan definitivman, IJ a gen dwa konfime desizyon ofisye ki responsab azil nan USCIS la ki fè konnen moun nan kalifye pou kanpe oswa repòte depòtasyon an. Si ofisye ki responsab azil la pa estime moun nan kalifye pou kanpe oswa pou repòte depòtasyon an, IJ a pral egzamine ankò demann sa yo epi li pral evalye yon fason otonòm si moun ki fè demann nan kalifye. Si IJ a deside moun nan pa kalifye pou jwenn èd oswa pwoteksyon, li pral bay yon lòd pou depòtasyon, epi san pèdi tan, yo pral depòte moun nan nan peyi Etazini.
###
Gade kontni original la: https://www.dhs.gov/news/2022/05/26/fact-sheet-implementation-credible-fear-and-asylum-processing-interim-final-rule
Nou propose w tradiksyon sa kòm yon senp sèvis. Tèks original la sèlman ki fyab.