Anbasad amerikèn nan peyi d Ayiti kontinye ap travay san pran souf pou asiste sitwayen ameriken ki an Ayiti yo ki swete retounen Ozetazini pandan peryòd sila a.
Si se yon avyon komèsyal ki otorize pou opere yon vòl pou Etazini, Anbasad Ameriken an ap mete kominote sitwayen Ameriken yo okouran menm moman an. Tanpri konprann ke yo bay otorizasyon pou vòl sa yo souvan nan mwens ke 48 èdtan. Tanpri pran sa an kont lè n’ap prepare vwayaj nou, sitou si nou pa Pòtoprens.
Pou sitwayen Ameriken ki vle ale Pòtoprens soti Okap: Sunrise Airways kounye a opere vòl ant Okap ak Pòtoprens. Enfòmasyon konplè sou orè, pri ak metòd anrjistreman yo disponib sou sit entènèt https://sunriseairways.net. Nou ka kontakte yo tou pa telefòn sou +509 2811 2222.
Pou kounye-a pa genyen okenn vòl komèsyal kap sòti Ayiti pou ale Ozetazini ki konfime. Sitwayen ameriken yo ki an Ayiti ki toujou swete retounen Ozetazini ka voye yon imèl nan adrès sila a: PortauPrinceUSCitizen@state.gov.
Lè’w voye imèl la, ou dwe bay enfòmasyon sila yo:
- Non konplè’w [prenon’w ak non’w] jan yo ekri nan paspò’w.
- Enfòmasyon nou ka itilize pou kontakte’w rapidman – Yon nimewo telefòn ak yon adrès imèl ki fonksyone.
- Dat ou fèt la (MM/JJ/AAAA).
- Nimewo paspò’w; dat paspò a te fèt, ak dat paspò a ap ekspire. Si paspò a pa yon paspò ameriken, ou dwe presize ki peyi ki te ba’w paspò a.
- Non konplè tout sitwayen ameriken kap vwayaje avè’w ansanm ak dat yo fèt epi nimewo paspò yo. Ou dwe bay tou non tout manm fanmi imedya’w, ki pa sitwayen ameriken, ki swete akonpanye’w.
- Ou dwe bay bon adrès kote w’ap viv la (vil ak peyi), epi fè konnen si’w gen bezwen espesyal tankou pwoblèm medikal.
Anbasad amerikèn ekzòte sitwayen ameriken yo pou yo enskri sou pwogram Smart Traveler Enrollment sou sit step.state.gov<http://step.state.gov/> pou yo ka resevwa enfòmasyon aktyalize anbasad la ap bay an ijans. Anbasad la ankouraje sitwayen ameriken yo tou pou yo konsilte sit entènèt ak kont Twitter anbasad la pou yo ka jwenn dènye enfòmasyon ki disponib yo.
Sa pou’w fè:
- Konsilte sit entènèt CDC-a CDC website pou’w ka jwenn dènye enfòmasyon yo.
- Pou’w ka jwenn dènye enfòmasyon sou sa ou kapab fè pou diminye risk pou’w atrape COVID-19 la, tanpri al konsilte epi li dènye rekòmandasyon CDC yo CDC’s latest recommendations.
- Vizite paj COVID-19 crisis page on travel.state.gov pou’w jwenn dènye enfòmasyon sou paj entènèt sou kriz COVID-19 la.
- Verifye avèk konpayi ayeryèn ou, konpayi kwazyè’w, osison ajans vwayaj ou pou’w ka genyen dènye enfòmasyon sou plan vwayaj ou osinon sou restriksyon yo.
- Vizite paj entènèt Anbasad la sou COVID-19-la Embassy webpage on COVID-19 pou’w jwenn enfòmasyon sou kondisyon yo nan peyi d Ayiti.
- Vizite sit entènèt Depatman sekirite enteryè-a Department of Homeland Security’s website pou dènye restriksyon sou vwayaj yo Ozetazini.
Pou asistans :
- Anbasad Etazini, Pòtoprens, Ayiti,
Taba 41, Wout Frè
Pou ijans: +509-2229-8000
Pou tout demand ki pa ijan : acspap@state.gov
Sit entènèt: https://ht.usembassy.gov/