Alèt sante: Anbasad Etazini, Pòtoprens (16 avril 2020) (Creole)

Ki kote: Ayiti

Sijè:

Anbasad amerikèn nan peyi d Ayiti kontinye ap travay san pran souf pou asiste sitwayen ameriken ki an Ayiti yo ki swete retounen Ozetazini pandan peryòd sila a.

Pou kounye-a pa genyen okenn vòl komèsyal kap sòti Ayiti pou ale Ozetazini ki konfime.  Sitwayen ameriken yo ki an Ayiti ki toujou swete retounen Ozetazini ka voye yon imèl nan adrès sila a: PortauPrinceUSCitizen@state.gov.

Lè’w voye imèl la, ou dwe bay enfòmasyon sila yo:

  • Non konplè’w [prenon’w ak non’w] jan yo ekri nan paspò’w.
  • Enfòmasyon nou ka itilize pou kontakte’w rapidman – Yon nimewo telefòn ak yon adrès imèl ki fonksyone.
  • Dat ou fèt la (MM/JJ/AAAA).
  • Nimewo paspò’w; dat paspò a te fèt, ak dat paspò a ap ekspire. Si paspò a pa yon paspò ameriken, ou dwe presize ki peyi ki te ba’w paspò a.  
  •  Non konplè tout sitwayen ameriken kap vwayaje avè’w ansanm ak dat yo fèt epi nimewo paspò yo.  Ou dwe bay tou non tout manm fanmi imedya’w, ki pa sitwayen ameriken, ki swete akonpanye’w.
  • Ou dwe bay bon adrès kote w’ap viv la (vil ak peyi), epi fè konnen si’w gen bezwen espesyal tankou pwoblèm medikal.

Anbasad amerikèn ekzòte sitwayen ameriken yo pou yo enskri sou pwogram Smart Traveler Enrollment sou sit step.state.gov pou yo ka resevwa enfòmasyon aktyalize anbasad la ap bay an ijans.  Anbasad la ankouraje sitwayen ameriken yo tou pou yo konsilte sit entènèt ak kont Twitter anbasad la pou yo ka jwenn dènye enfòmasyon ki disponib yo.