Gen yon Ayisyen natif natal yo akize pou konplo Fwòd sou Visa ki enplike plis pase 100 Fo Aplikasyon pou Visa

Avoka Ameriken, Duane A. Evans, te anonse ke EMMANUEL PRIVA, ki se yon sitwayen Ayisyen ki gen 37 rekòt Kafe sou tet li, te akize jodi a nan de akizasyon konplo.  Akt akizasyon an deklare PRIVA tap mennen yon sistèm fwod pou viza nan kay li ki chita nan Harvey, peyi Louisiana, ak nan kèk lòt kote ankò. An echanj pou lajan, PRIVA ta dakò pou ede sitwayen ayisyen jwenn viza touris sou fwod, pou yo ka vwayaje ale Ozetazini. Apre li te resevwa kòb nan men sitwayen ayisyen yo, PRIVA ta fè aplikasyon viza sou entènèt ak fo enfòmasyon ki pa vre ditou, li ta fòje fo dokiman pou kore aplikasyon yo, lè fini, li ta fè bouch moun yo pou yo ta konnen ki jan pou yo ka twonpe ofisye konsilè a nan jou entèvyou pou viza. Konplo a te konsantre pou fè parèt kòm kwa sitwayen ayisyen yo ta gen entansyon pou vizite Etazini pou yon ti tan tou kout,  pou kache ke se pati yo tap pati pou al rete ilegalman nan peyi Etazini. Akt Akizasyon an te fè konnen ke PRIVA te eseye jwenn, nan fè fwod , viza pou plis pase 100 etranje; kèk nan yo te rive jwenn viza pou vwayaje nan peyi Etazini.

Si li ta kondane, EMMANUEL PRIVA ap fè fas a pèn maksimòm ki se dis lane nan prizon pou konplo pou met lide nan tèt etranje ak ankouraje yo pou yo sa ale ilegalman nan peyi Etazini, lap fè fas a senk lane pou konplo pou komèt fwod kont Etazini ak pou komèt fwod nan zafè viza.

Avoka Ameriken Evans te repete anko ke Akt akizasyon an se senpleman yon chaj e ke kilpabilite akize a  ta dwe kanpe sou plis pase yon dout rezonab. (Kilpabilite a ta dwe pwouve pa plis pase yon dout rezonab ase)

Avoka Ameriken Evans fè lwanj pou travay Depatman Deta Ameriken an, Envestigasyon  sou Fwod  Kriminèl Sèvis Sekirite Diplomatik ak Divizyon Envestigasyon Kriminèl peyi lot bò dlo yo te mennen  nan zafè sa a, ansanm ak sipò Ofis Residan li an ki nan Nouvel  Oleyan. Avoka Evans te remèsye ansanm Deteksyon Fwod ki chita nan biwo Sitwayènte ak Imigrasyon Ameriken (USCIS) ak Direksyon Sekirite Nasyonal ak Direksyon Polis Nasyonal peyi Dayiti, ak Direksyon Santral Polis Jidisyè pou asistans yo.  Se Adjwen Pwokirè Etazini Chandra Menon ki responsab pou mennen pouswit jidisyè a.