Deklarasyon administratè Mark Green sou sitiyasyon Ayiti a

Peyi Etazini kontinye ap suiv deprè sitiyason ki egziste nan Repiblik d Ayiti kote manifestasyon, zak vyolans tanzantan ak enpas politik la lakòz yon enstabilite k ap vin pi plis chak jou.

Se pèp ayisyen an ki prensipal viktim sitiyasyon sa a. Gen plizyè ti biznis ki kraze, sa vin fè li pi difisil pou moun jwenn mwayen pou yo viv. Fanmi yo gen plis difikilte chak jou pou yo jwenn manje ak medikaman, sa vin fè ni lavi pa yo ni lavi pitit yo an danje.

Chak jou li vin pi difisil pou moun manje. Pou rezon sa a, e sou baz lòt enfòmasyon nou jwenn nan men Rezo sistèm k ap bay avètisman alavans pou konbat grangou (FEWS NET), nan men gouvènman Ayiti a ak lòt patenè lokal nou genyen, USAID pral distribye 2 000 tòn metrik manje. Distribisyon sa a ap fèt pa mwayen Pwogram Alimantè Mondyal Nasyonzini e manje a ap sòti nan estòk manje pou ijans USAID deja genyen ann Ayiti. Estòk manje sa a, ansanm ak 20 milyon dola èd alimantè ann ijans ki nan bidjè USAID pou ane fiskal 2019 la, kòmanse repati nan tout peyi a.

Se vre, èd alimantè sa a ap pote yon ti soulajman anrapò ak kèk bezwen ijan moun yo genyen. Men, li pa kapab, e li pap kapab atake rasin pwoblèm ki lakòz peyi d Ayiti paralize a. Gen plizyè rezon ki lakòz Ayiti paralize ni nan domèn politik, ni nan domèn ekonomik e se menm rezon sa yo ki fè USAID pa ka mennen aktivite li yo jan li te konn fè sa. Rate gazolin, wout ki bloke ak barikad, manifestasyon, zak vyolans, tout bagay sa yo andikape ni USAID ni patenè li yo nan fonksyònman yo. Sitiyason sa a lakòz gen plizyè biwo ki obilje fèmen e gen plizyè pwogram ki oblije kanpe. Pami pwogram sa yo, nou ka site sèvis medikal ijan ki anpeche moun mouri.

Peyi Etazini ap mande lidè politik yo, lidè ekonomik yo ak lidè nan sosyete sivil la pou yo fòme yon gouvènman ki pral travay pou byennèt tout sitwayen ayisyen yo.