Au nom du Président Barack Obama et du peuple américain, je félicite Haiti et le peuple haïtien en ce jour de célébration nationale marquant le 213ème anniversaire de son indépendance.
Environ un million de personnes aux Etats-Unis ont des ancêtres haïtiens. Notre fierté commune à cet héritage résulte dans le fait que Little Haiti ait été désigné district officiel de Miami, Floride. Le dynamisme qui se dégage à Little Haiti est un symbole de la plaidoirie que cette communauté a effectuée pour la préservation historique, et un témoignage de son intégration dans le tissu culturel et social américain.
Alors qu’Haiti se relève de l’impact de l’ouragan Matthew qui a frappé le Sud-Ouest du pays, les Etats-Unis réaffirment leur amitié inébranlable pour le peuple haïtien. Nous voyons en l’année 2017 une opportunité pour continuer à travailler conjointement pour supporter le renouvellement complet des institutions démocratiques haïtiennes et l’installation d’un nouveau président élu par le peuple haïtien.
Deklarasyon Sekretè Deta John Kerry nan okazyon 213zyèm anivèsè endepandans peyi Dayiti
Nan non prezidan Barack Obama ak pèp ameriken an, map felisite Ayiti ak pèp ayisyen an nan jou selebrasyon nasyonal sila-a ki make 213zyèm anivèsè endepandans li.
Anviwon yon milyon moun kap viv Ozetazini gen zansèt ayisyen. Fyète nou pataje nan eritaj sila-a chita dèske yo te deziyen Little Haiti kòm yon distri ofisyèl nan vil Miami, Floride. Enèji kap degaje nan Little Haiti se yon senbòl batay kominote-a te mennen pou prezève listwa, e se yon temwayaj de fason li te entegre kilti ak sosyete ameriken an.
Pandan Ayiti ap rekanpe sou pyel aprè enpak ouragan Matthew ki te frape Sidwès peyi-a, peyi Etazini ap reyafime amitye ki pap janm febli pou pèp ayisyen an. Nou wè lane 2017-la tankou yon opòtinite pou nou kontinye travay men nan men pou sipòte renouvèlman enstitisyon demokratik peyi Dayiti yo ak enstalasyon yon nouvo prezidan ke pèp aysiyen an te eli.