Déclaration de l’ambassade des États-Unis suite au décès de Charlot Jeudy

L’ambassade des États-Unis à Port-au-Prince déplore le décès prématuré de Mr. Charlot Jeudy, président de l’organisation Kouraj. Nous regrettons sincèrement le départ de ce défenseur infatigable des droits humains et de l’équité en Haïti et nous croyons que sa mémoire perdurera à travers les valeurs et les principes auxquels il a consacrés sa vie.

Nous présentons nos sincères condoléances à ses amis, sa famille et ses collègues.

 

Deklarasyon anbasad Etazini apre lanmò Charlot Jeudy    

Anbasad Etazini nan Pòtoprens regrèt Mesye Charlot Jeudy, prezidan òganizasyon Kouraj, ki pati kite nou anvan lè. Mesye Jeudy pa t janm sispann goumen anfavè dwa moun ak jistis ann Ayiti e nou sèten moun ap toujou sonje li grasa prensip li te pase tout vi l defann yo. N ap sonje l anpil.

Nou prezante kondoleyans nou bay zanmi li, fanmi li ak kòlèg travay li yo.