Déclaration de l’Ambassade des Etats-Unis à propos de La Saline

À l’occasion du premier anniversaire des actes de violence perpétrés à La Saline, les 13 et 14 novembre 2018, les États-Unis continuent à exhorter le gouvernement haïtien à mener des investigations sur le dossier de La Saline et sur n’importe quelle allégation d’abus de droits humains, sans exclure les allégations d’usage excessif de la force par les autorités. Les coupables doivent être traduits en justice. Nous continuons à solliciter une visite de la Commission interaméricaine des droits de l’homme. Nous sommes aussi préoccupés par la récente flambée de violence et les pertes en vie enregistrées au Bel-Air, et nous déplorons les rapports qui nous sont parvenus concernant d’horribles actes d’agression sexuelle et de viol aux Gonaïves et à Cabaret. La violence, la corruption et l’impunité entravent considérablement les objectifs de développement d’Haïti ainsi que les aspirations du peuple haïtien à une vie meilleure.

 

Deklarasyon Anbasad peyi Etazini sou La Saline

Jodi a fè yon lane depi gen zak vyolans ki te fèt nan Lasalin, nan dat 13 ak 14 novanm 2018. Nan okazyon sa a, peyi Etazini ap kontinye mande gouvènman ayisyen an pou l mennen envestigasyon sou dosye Lasalin nan, sou nenpòt ki akizasyon ki ta fèt konsènan dwa moun ki ta pase anba pye, san yo pa bliye akizasyon ki di otorite yo te fè abi nan fason yo te sèvi ak pouvwa yo. Tout koupab yo dwe all rann kont bay lajisis. Nou kontinye ap mande yon vizit Komisyon entèrameriken pou dwa moun. Anplis de sa, vyolans ki rekòmanse ap fèt nan Bèlè, moun ki pèdi lavi yo nan Bèlè, sa ba nou pwoblèm. Rapò ki vin jwenn nou sou zak kadejak ki fèt nan Gonayiv ak Kabarè, sa fè nou mal. Vyolans, koripsyon ak enpinite frennen objektif peyi d Ayiti genyen pou l devlope, epitou yo depaman ak anvi pèp ayisyen an genyen pou l jwenn yon lavi miyò.