Bato-lopital lamarin Etazini ki rele USNS COMFORT ap ann Ayiti soti 4 pou rive 13 novanm 2019 nan kad yon misyon pou bay èd medikal

Nan tèt kole ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ansanm ak Polis Nasyonal Ayiti a, anbasad Etazini nan Pòtoprens ap anonse vizit yon bato-lopital ameriken ki rele USNS Comfort ki gen pou rive nan peyi d Ayiti. Bato sa a ap rive Pòtoprens 4 novanm e l ap rete jis 13 novanm 2019.Vizit sa a antre nan kad yon pwogram lamarin peyi Etazini ki rele “Pwomès k ap Dire (Enduring Promise)”. Se yon inisyativ ki la pou ranfòse angajman Etazini pran pou l kore aktivite ki gen rapò ak sante nan estrateji 2020 Etazini-Karayib la.

Vizit sa a se yon etap nan vwayaj bato a ap fè nan Amerik Latin nan ak nan Karayib la nan kad yon misyon èd medikal k ap dire senk mwa. Misyon sa a se yon prèv gouvènman Etazini ap fè tout sa l kapab pou l ranfòse kowoperasyon ki genyen ant li menm ak peyi ki nan rejyon an nan domèn èd imanitè, nan domèn preparasyon anvan katastwòf ak nan domèn pote sekou bay moun ki sinistre.

Ekip medikal ki sou USNS Comfort pral travay ansanm ak lòt pwofesyonèl lamedsin ann Ayiti pou yo bay ni granmoun ni timoun divès kalite sèvis medikal nan yon espas k ap la pou sa. Mete sou sa, abò bato a, y ap fè ti operasyon ki pa konplike. Gen anpil lòt pwofesyonèl lamedsin ki soti nan lòt nasyon ki se patenè peyi Etazini ki sou bato a. Yo vle patisipe nan efò sa a k ap fèt pou pèmèt moun nan rejyon an ki malad jwenn swen medikal. Misyon sa a montre pwomès Etazini fè yo ap dire, pwomès pou gen amitye, pou gen kolaborasyon e pou gen solidarite ak peyi ni nan Karayib la ni nan Amerik la.

Ap gen sèvis medikal gratis k ap disponib nan sèl espas ki prepare pou sa nan domèn sa yo : medsin familyal, medsin prevantif, egzamen dan ak tretman pou dan, optometri (egzamen je), pedyatri, dèmatoloji, sante fanm ak terapi fizik. Tout sèvis sa yo fè pati Pwomès k ap Dire a.

Depi 2007, sa fè setyèm fwa yon bato-lopital an misyon nan rejyon an, e pou Ayiti, sa fè senkyèm fwa depi dizan. Pandan vwayaj sa a, ekip medikal ki sou Comfort la te bay swen medikal nan peyi sa yo tou : Kolonbi, Kostarika, Trinite-ak-Tobago, Ekwatè, Grenad, Repiblik Dominikèn, Jamayik, Panama, Sentlisi, an Sen-Kits-ak-Nevis.