Anons Vant Ozanchè Anbasad Amerikèn sou Entènèt

Anbasad Amerikèn ap òganize yon vant ozanchè sou entènèt soti 12 Desanm pou rive 17 Desanm 2022. Ap genyen atik pou vann tankou kanape, chèz, matla, je salamanje, fou, frijidè, machin pou lave, machin pou seche, ak machin ak motè.

Vant lan ap kòmanse Lendi 12 Desanm a 7:00 nan maten e lap kanpe Samdi 17 Desanm a 3:00 nan apremidi. Tout atik yo ap vann “jan yo ye a” e “kote yo ye a” e moun ki genyen an ap gen responsablite pou li vin pran atik li genyen yo nan lokal kote vant ozanchè a fèt la. Tout vant yo final – kidonk pap ka gen retou, ni echanj.

Moun ki genyen yo ap resevwa yon imel oubyen yon apèl telefòn. Plis enstriksyon sou kijan pou peye epi rekipere atik yo ap disponib pou moun ki genyen yo. Peman ak rekiperasyon atik yo ap kapab fèt soti 20 pou rive 23 Desanm epi 27 pou rive 29 Desanm soti 9:00 AM pou 02:00 PM. Nou sipoze rekipere tout atik yo nan depo Reyes lan, ki anfas seksyon Konsila Anbasad amerikèn lan.

Swiv etap sa yo pou kapab gen aksè a vant lan sou entènèt e soumèt pwopozisyon w yo:

  1. Lyen pou gen aksè a vant lan sou entènèt https://online-auction.state.gov
  2. Klike sou “Register” pou kapab enskri
  3. Mete enfòmasyon yo mande yo
  4. Verifye imel ou pou konfimasyon
  5. Kounya ou kapab pwopoze kòb ou vle peye pou lo yo. Ouvri yon sesyon epi klike sou Pòtoprens, Ayiti
  6. Klike “subscribe” pou fè yon pwopozisyon