Anbasad Amerikèn ap òganize dezyèm vant ozanchè sou entènèt li soti 28 fevrye pou rive 7 mas 2022. Vant lan ap fèt pou anplwaye Anbasad lan ak piblik lan an jeneral.
Anbasad lan ap vann byen mèb li genyen anplis yo nan yon vant elektronik sou entènèt lan. Genyen atik pou vann tankou kanape, chèz, matla, je salamanje, fou, frijidè, machin pou lave, machin pou seche, ak machin ak motè. Chak vant ap aktive pou yon peryòd espesifik, nap endike klèman dat lap komanse ak dat lap fini. Enfòmasyon sa yo disponib sou panèl enfòmasyon aplikasyon entènèt lan. Pandan tan sa a patisipan yo ap kapab fè yon pwopozisyon sou konbyen yo ta renmen peye pou byen siplemantè yo.
Vant lan ap kòmanse lendi 28 fevrye a 7:00 nan maten e lap kanpe lendi 7 mas a 4:00 nan lapremidi. Moun ki soti gayan yo ap resevwa yon notifikasyon sou imel ak telefòn yo e yap gen 7 jou pou peye epi vin pran zafè yo. Tout atik yo ap vann “jan yo ye a e kote yo ye a” e nan deviz lokal lan. Moun ki genyen yo ap kapab pran zafè yo nan dat 10 mas epi soti 14 pou rive 18 mas apati 8:00 nan maten jiska 2:00 nan lapremidi. Nou sipoze pran tout atik yo nan depo Reyes lan, ki anfas seksyon Konsila a. Sof nan ka machin yo, lè nou fin peye, nouvo pwopriyetè yo dwe pran posesyon machin yo san pèdi tan.
Seksyon “Property/Warehouse” lan ap kontakte moun ki pap travay anbasad yo sou imel ak telefòn yo pou anonse pwopozisyon ki soti gayan yo epi soumèt yon demand aksè pou pèmèt yo vin peye pou atik yo nan kès anbasad lan ki trouve li nan 3e etaj batiman an.
Suiv etap sa yo pou kapab gen aksè a vant lan sou entènèt e soumèt pwopozisyon yo.
- Lyen pou gen aksè a vant lan sou entènèt https://online-auction.state.gov
- Klike sou “Register” pou kapab enskri
- Mete enfòmasyon yo mande yo
- Verifye imel ou pou konfimasyon
- Kounya ou kapab pwopoze kòb ou vle peye pou lo yo. Ouvri yon sesyon epi klike sou Pòtoprens, Ayiti
- Klike “subscribe” pou fè yon pwopozisyon