Annonce de la nomination de Daniel Foote comme envoyé spécial pour Haïti

Anons Daniel Foote kòm Anvwaye Spesyal pou Ayiti

Depatman Deta kontan anonse ke Anbasadè Daniel Foote, yon diplomat ki fè karyè nan Senior Foreign Service, pral sèvi kòm Anvwaye Spesyal pou Ayiti pou Depatman-an.  Anvwaye Spesyal la pral angaje patnè ayisyen ak entènasyonal yo pou fasilite lapè ak estabilite pou lontan nan peyi-a, epi sipòte efò pou òganize eleksyon prezidansyèl ak lejislatif ki lib epi jis.  Li pral travay ak patnè yo tou pou kowòdone efò asistans yo nan plizyè domèn, tankou nan kesyon imanitè, sekirite ak asistans nan envestigasyon.  Anplis, Anvwaye Spesyal la pral angaje aktè sosyete sivil yo ak sektè prive a nan rechèch solisyon ayisyèn pou rezoud anpil defi ijan peyi d Ayiti ap fè fas.

Anvwaye Spesyal la, ansanm ak Anbasadè ameriken-an nan peyi d Ayiti, pral dirije efò diplomatik peyi Etazini yo epi kowòdone efò ajans federal amerikèn yo an Ayiti depi nan Washinton, konseye Sekretè ak Asistans Sekretè Enterimè Biwo Zafè Oksidantal yo, epi kowòdone nan kolaborasyon sere ak estaf Konsèy Sekirite Nasyonal la efò administrasyon an pou sipòte pèp ayisye-an ak enstitisyon demokratik peyi d Ayiti yo aprè asasina trajik Jovenel Moïse-la.

Anvwaye Spesyal Foote pote anpil eksperyans diplomatik nan wòl sila-a – tankou eksperyans li te fè kòm Chèf Misyon Enterimè an Ayiti, epi kòm Anbasadè nan peyi Zambi.  Depatman-an felisite Anvwaye Spesyal Foote pou nouvo wòl sila-a, epi li remèsye li dèske li kontinye ap sèvi peyi li.

 

Annonce de la nomination de Daniel Foote comme envoyé spécial pour Haïti

Département d’État des États-Unis
Bureau du porte-parol
Le 22 juillet 2021
Communiqué de presse

Le département d’État a le plaisir d’annoncer que l’ambassadeur Daniel Foote, diplomate de carrière, agira en qualité d’envoyé spécial pour Haïti. L’envoyé spécial dialoguera avec des partenaires haïtiens et internationaux pour faciliter la paix et la stabilité à long terme et pour soutenir les initiatives visant à organiser des élections présidentielles et législatives libres et justes. Il travaillera également avec des partenaires pour coordonner les opérations d’assistance dans plusieurs domaines, notamment l’aide humanitaire, en matière de sécurité et d’enquête. En outre, l’envoyé spécial impliquera les parties prenantes de la société civile et du secteur privé dans la recherche de solutions pilotées par les Haïtiens aux nombreux défis pressants auxquels Haïti est confronté.

L’envoyé spécial dirigera, aux côtés de l’ambassadrice des États-Unis en Haïti, les actions diplomatiques des États-Unis et coordonnera les activités des agences fédérales des États-Unis en Haïti depuis Washington, conseillera le secrétaire et la secrétaire adjointe par intérim chargée du bureau des Affaires des Amériques, et coordonnera étroitement avec le personnel du Conseil de sécurité nationale les initiatives de l’administration visant à soutenir le peuple haïtien et les institutions démocratiques d’Haïti à la suite de l’assassinat tragique de Jovenel Moïse.

L’envoyé spécial Foote apporte une vaste expérience diplomatique à cette fonction, notamment en tant que chef de mission adjoint en Haïti et en tant qu’ambassadeur des États-Unis en Zambie. Le département adresse ses félicitations à l’envoyé spécial Foote au moment où il prend ses nouvelles fonctions et le remercie de continuer à servir son pays.