Sou-sekretè d Eta pou Afè Politik, David Hale, te chita pale, vandredi, nan Pòtoprens, Ayiti, ak prezidan Jovenel Moise ak minis Afè Etranjè a, Bocchit Edmond, ansanm ak kèk lòt lidè politik. Yo pale sou kriz politik la ak sou nesesite, prese prese, pou yo tanmen yon dyalòg san paspouki antre yo. Mete sou sa, yo pale sou sitiyasyon ekonomik peyi a ki pa bon menm. Yo te fè ti pale tou sou wòl Etazini jwe nan kesyon èd pou devlopman ak asistans imanitè. Sou-sekretè d Eta Hale te pwofite remèsye gouvènman ayisyen an pou lidèchip li te montre nan fè demokrasi tounen nan peyi Venezyela. Peyi Etazini envite tout lidè ayisyen pou chitan ansanm, san poze kondisyon alavans, pou yo fè enpas politik la sispann e pou yo fòme yon gouvènman ki pral fè soufrans pèp ayisyen sispann.
