Alèt sante: Anbasad Etazini, Pòtoprens

Alèt sante: Anbasad Etazini, Pòtoprens (14 Mai 2020)

Ki kote: Ayiti

Sijè:

Anbasad amerikèn nan peyi d Ayiti kontinye ap travay san pran souf pou asiste sitwayen ameriken ki an Ayiti yo ki swete retounen Ozetazini pandan peryòd sila a.

Pou kounye-a pa genyen okenn vòl komèsyal kap sòti Ayiti pou ale Ozetazini ki konfime.  Tanpri konprann ke vòl ki pral Etazini yo apwouve pa gouvènman ayisyen an sou yon baz ka-pa-ka, yo gen yon kantite plas limite epi yo souvan vann tout plas yo nan lespas 24 èdtan. Tanpri, pran enfòmasyon sa yo an konsiderasyon lè w ap planifye yon vwayaj, sitou si ou pa nan Pòtoprens. Lè yon konpayi avyon komèsyal jwenn otorizasyon pou opere yon vòl ki sòti Ayiti pou ale Etazini, Anbasad amerikèn va alète kominote sitwayen ameriken yo pi vit ke posib gras a Pwogram Enskripsyon Vwayajè Entelijan/ Smart Traveler Enrollment Program (STEP). 

Anbasad amerikèn pa okouran de okenn vòl k’ap kite Ayiti pou ale Ozetazini, epi li pa kapab konfime non plis si y’ap otorize lòt vòl ankò. Sitwayen ameriken ki pa retounen Ozetazini pandan ke vòl komèsyal chatè yo oubyen lòt vòl sou mache komèsyal la disponib ka oblije rete aletranje pou yon peryòd endetèmine.


Pou sitwayen Ameriken ki vle ale Pòtoprens soti Okap: Sunrise Airways kounye a opere vòl ant Okap ak Pòtoprens. Enfòmasyon konplè sou orè, pri ak metòd anrjistreman yo disponib sou sit entènèt https://sunriseairways.net. Nou ka kontakte yo tou pa telefòn sou +509 2811 2222.

Sitwayen ameriken yo ki an Ayiti ki toujou swete retounen Ozetazini ka voye yon imèl nan adrès sila a: PortauPrinceUSCitizen@state.gov.

Lè’w voye imèl la, ou dwe bay enfòmasyon sila yo:

  • Non konplè’w [prenon’w ak non’w] jan yo ekri nan paspò’w.
  • Enfòmasyon nou ka itilize pou kontakte’w rapidman – Yon nimewo telefòn ak yon adrès imèl ki fonksyone.
  • Dat ou fèt la (MM/JJ/AAAA).
  • Nimewo paspò’w; dat paspò a te fèt, ak dat paspò a ap ekspire. Si paspò a pa yon paspò ameriken, ou dwe presize ki peyi ki te ba’w paspò a. 
  • Non konplè tout sitwayen ameriken kap vwayaje avè’w ansanm ak dat yo fèt epi nimewo paspò yo.  Ou dwe bay tou non tout manm fanmi imedya’w, ki pa sitwayen ameriken, ki swete akonpanye’w.
  • Ou dwe bay bon adrès kote w’ap viv la (vil ak peyi), epi fè konnen si’w gen bezwen espesyal tankou pwoblèm medikal.

Anbasad amerikèn ekzòte sitwayen ameriken yo pou yo enskri sou pwogram Smart Traveler Enrollment sou sit step.state.gov pou yo ka resevwa enfòmasyon aktyalize anbasad la ap bay an ijans.  Anbasad la ankouraje sitwayen ameriken yo tou pou yo konsilte sit entènèt ak kont Twitter anbasad la pou yo ka jwenn dènye enfòmasyon ki disponib yo.