Konpayi ayeryèn Spirit Airlines gen otorizasyon pou fè yon vòl k’ap sòti Pòtoprens pou ale Fort Lauderdale, Florida (FLL) jou k’ap lendi 27 avril la. W’ap jwenn tout enfòmasyon sou orè, pri, ak kijan pou’w fè rezèvasyon sou sit sila a: https://www.spirit.com/.
Sitwayen ameriken ki swete rantre Ozetazini yo ta dwe planifye pou fè sa prese prese. Anbasad amerikèn pa okouran de okenn vòl k’ap kite Ayiti pou ale Ozetazini aprè dat 27 avril la, epi li pa kapab konfime non plis si y’ap otorize lòt vòl ankò. Sitwayen ameriken ki pa retounen Ozetazini pandan ke vòl komèsyal chatè yo oubyen lòt vòl sou mache komèsyal la disponib ka oblije rete aletranje pou yon peryòd endetèmine.
Pou sitwayen Ameriken ki vle ale Pòtoprens soti Okap: Sunrise Airways kounye a opere vòl ant Okap ak Pòtoprens. Enfòmasyon konplè sou orè, pri ak metòd anrjistreman yo disponib sou sit entènèt https://sunriseairways.net. Nou ka kontakte yo tou pa telefòn sou +509 2811 2222.
Anbasad Etazini an Ayiti ap raple tout moun ki ta renmen vwayaje ke liy ayeryèn komèsyal yo se konpayi prive ke yo ye. Kidonk, nan moman sa a, pri tikè sou vòl komèsyal chatè yo kapab pi chè ke pri yo ye nòmalman sou vòl komèsyal yo. Tout pasaje yo responsab pou peye tikè yo ak tout lòt depans yo ta gen pou fè lè yo rive Ozetazini (transpò, kote y’ap dòmi, elatriye).
Kòm toujou, Anbasad Etazini ap ekzòte sitwayen ameriken yo pou yo enskri sou sit STEP.state.gov pou yo ka resevwa enfòmasyon aktyalize Anbasad la ap bay an ijans. Yo dwe konsilte sit entènèt ak kont Twitter Anbasad la pou yo ka jwenn dènye enfòmasyon ki disponib yo.
Sa pou’w fè:
- Konsilte sit entènèt CDC-a CDC website pou’w ka jwenn dènye enfòmasyon yo.
- Pou’w ka jwenn dènye enfòmasyon sou sa ou kapab fè pou diminye risk pou’w atrape COVID-19 la, tanpri al konsilte epi li dènye rekòmandasyon CDC yo CDC’s latest recommendations.
- Vizite paj COVID-19 crisis page on travel.state.gov pou’w jwenn dènye enfòmasyon sou paj entènèt sou kriz COVID-19 la.
- Verifye avèk konpayi ayeryèn ou, konpayi kwazyè’w, osison ajans vwayaj ou pou’w ka genyen dènye enfòmasyon sou plan vwayaj ou osinon sou restriksyon yo.
- Vizite paj entènèt Anbasad la sou COVID-19-la Embassy webpage on COVID-19 pou’w jwenn enfòmasyon sou kondisyon yo nan peyi d Ayiti.
- Vizite sit entènèt Depatman sekirite enteryè-a Department of Homeland Security’s website pou dènye restriksyon sou vwayaj yo Ozetazini.
Pou asistans :
- Anbasad Etazini, Pòtoprens, Ayiti, Taba 41, Wout Frè
Pou ijans: +509-2229-8000
Pou tout demand ki pa ijan : acspap@state.gov
Sit entènèt: https://ht.usembassy.gov/